Avantaj WIC fanmi w ap kredite sou kont WIC ou a. Ou pral sèvi ak Kat eWIC Indiana ou a pou w achte avantaj ou yo nan magazen ki enkli sou lis founisè klinik WIC ou ba w la.
Kat eWIC la pral fè acha vin pi fasil.
Avèk kat eWIC ou a, balans avantaj aktyèl la ak Kat Manje WIC Indiana Apwouve, chwazi manje ou bezwen yo.
Lè w fin achte, chwazi yon kès ki aksepte WIC.
Kèk magazen egzije w pou separe atik WIC yo ak lòt acha ou yo. Mande si sa nesesè.
Di kesye a w ap itilize yon Kat eWic Indiana.
Kesye a ap tcheke atik yo pou l konfime si WIC apwouve yo epi yo ka achte yo jou sa a.
Ou menm oubyen kesye a ap pase kat eWIC la.
Mete PIN kat chif ou a.
Kesye ap ba w yon resi. Asire w pran kat ou a ak resi a lè w prale.
Si ekipman magazen an pa fonksyone, ou ka ale nan yon lòt magazen ki aksepte WIC.
Si te gen yon atik ou te espere avantaj WIC ou t ap kouvri men li pa t kouvri l, li ta ka pou rezon sa yo:
Si w rankontre nenpòt nan pwoblèm sa yo, tanpri tcheke Aplikasyon mobil INWIC la pou jwenn balans avantaj ou yo epi tcheke UPC a pou tcheke si WIC apwouve oswa pa apwouve atik la.
Kijan pou mwen jwenn PIN mwen an?
W ap chwazi PIN kat chif ou a lè w resevwa kat eWIC ou a pou premye fwa. Pou w aktive kat ou a epi chwazi yon PIN, rele Sèvis Kliyantèl la nan 1-855-349-1454. W ap bezwen konnen nimewo kat eWIC 16 chif, kòd postal ri a, ak dat nesans Reprezantan Otorize a.
Kijan pou mwen chwazi PIN mwen an?
Chwazi yon PIN ki fasil pou ou sonje, men ki difisil pou yon lòt moun devine.
Kijan pou mwen kenbe PIN mwen an sekirite?
Si yon moun konnen PIN ou, li ka itilize kat ou a pou l jwenn avantaj ou yo, epi yo p ap ranplase avantaj sa yo. Lè w ap mete PIN ou, asire w pèsonn pa ka wè nimewo w ap mete a. Pa ekri PIN ou an sou kat eWIC ou a, epi pa kenbe l ekri nan bous ou oswa nan valiz ou.
E si mwen bliye PIN mwen oswa mwen bezwen reyinisyalize l?
Si w bliye PIN ou, rele nimewo Sèvis Kliyantèl ki sou do kat eWIC ou a pou w chwazi yon nouvo PIN. W ap bezwen konnen kòd postal ri a, ak dat nesans Reprezantan Otorize a.
Kisa pou m fè si yon moun dekouvri PIN mwen an?
Chanje PIN lan.
E si mwen mete move PIN lan nan magazen an?
Si w mete yon move PIN, w ap gen twa chans an plis pou w mete l kòrèkteman. Apre kat antre PIN ki pa kòrèk, kat la ap bloke jiska 12:01 AM Lè Nòmal Lès jou apre a. Ou ka rele Sèvis Kliyantèl la nan 1-855-349-1454 nenpòt ki lè pou w debloke kat la epi reyinisyalize PIN lan.
Kisa mesaj erè sa yo vle di?
E si mwen demenaje oswa chanje adrès mwen?
Kontakte klinik ou a si w demenaje oswa chanje adrès ou pou mete kòd postal prensipal moun ki gen kat la ajou. Yo pral itilize sa a kòm yon idantifikasyon lè w ap fè chanjman sou kont ou.
E si mwen pèdi/andomaje kat eWIC mwen an?
Si w pèdi oswa andomaje kat eWIC ou an, rele Sèvis Kliyantèl la nan 1-855-349-1454 oswa klinik lan pou w anile kat ou a. Aprèsa, kontakte klinik ou an pou yo ba w yon nouvo kat.
Kijan pou m pran swen kat eWIC mwen an?
Kenbe kat ou a an sekirite epi pwòp.
Pa grave band nwa ki sou do a.
PA jete li si w itilize tout avantaj yo. Se menm kat la w ap itilize chak mwa.
PA koube, pliye oswa tòde li, pa fè twou ladan l, ni itilize li pou w grate vit machin oswa louvri pòt ki fèmen.
PA konsève li tou pre leman oswa ekipman elektrik tankou telefòn mobil.
PA kite li nan solèy oswa ni lòt kote ki cho tankou tablodbò machin ou.
Ou jwenn avantaj WIC ou yo sou kat Indiana eWIC ou pandan vizit nan klinik WIC ou a. W ap resevwa yon lis avantaj WIC fanmi w genyen pou mwa avantaj aktyèl la ak pou avantaj nan pwochen mwa yo. Li montre dat kòmansman ak fen mwa ki gen avantaj yo.
Wi, kenbe kat eWIC ou an. Chak fwa yo ba w avantaj, kat ou a ap rechaje. Si w jete kat ou a, w ap oblije kontakte klinik la pou w resevwa yon lòt.
Wi, avantaj WIC yo valid pou peryòd tan yo te bay yo a. Pa egzanp, si dat yo kòmanse a se 11/20 epi dat yo fini an se 12/19, ou dwe itilize avantaj yo nan entèval de dat sa yo. Lè sa posib, li pi bon pou w pa tann dènye jou a pou w itilize avantaj ou yo pou w achte. Nenpòt avantaj ou pa itilize ap ekspire a minwi Lè Nòmal Lès nan dènye jou a.
Ou ka jwenn yon balans avantaj lè w tcheke dènye resi magazen w la, lè w rele Sèvis Kliyantèl la nan 1-855-349-1454, lè w ale sou Sitwèb Pou Titilè Kat la nan www.WICConnect.com epi lè w chwazi Indiana WIC nan meni ki dewoule ki nan seksyon Pou Titilè Kat yo (Cardholder), epi tcheke paj Avantaj yo nan Aplikasyon mobil INWIC la.
Pwosedi yo ka varye selon magazen an, men jeneralman ou pral oblije itilize kat eWIC ou an premye pou peye pou manje ki kouvri nan avantaj WIC yo. Aprèsa, ou ka itilize lòt fòm peman tankou avantaj SNAP, kat kado, kat debi, lajan kach, oswa chèk pou peye pou lòt atik.
Non, ou ka itilize avantaj WIC yo selon bezwen w toutotan avantaj yo disponib.
Fè atansyon si ou bay yon moun kat ak PIN ou paske yo ka itilize tout avantaj WIC ou yo. Yo P AP ranplase avantaj sa yo. Se sèlman moun ou chwazi kòm mandatè pou w bay kat ak PIN ou.
Sitwèb Titilè Kat la (Cardholder Website) se pou mèt prensipal kat la wè enfòmasyon sou avantaj ak tranzaksyon espesifik nan kont WIC yo. W ap kapab enskri tou pou w resevwa yon imel oswa voye yon mesaj tèks sou avantaj ou yo epi jwenn enfòmasyon sou pwogram WIC la epi itilizasyon kat eWIC ou a.
Ou kapab rele nimewo sa a, gratis, 24 sou vennkat, 7 jou sou sèt.
Read the “App Reference Guide”:
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.
Side-Lying Hold
This hold is useful when:
Cross-Cradle Hold
This hold is useful when:
Clutch or “Football” Hold
This hold is useful when:
Cradle Hold
This hold is useful when:
Laid-Back Hold
This hold is useful when: