Kisa Pwogram WIC La ye?
Fanm, Ti bebe ak Timoun (WIC) se yon pwogram nitrisyon ki fè: edikasyon sou sante ak nitrisyon, bay asistans pou alètman, manje ki bon pou sante, epi bay referans sou lòt sèvis gratis pou fanmi nan Indiana ki kalifye pou sa.
Kiyès ki Elijib?
- Fanm ansent yo;
- Fanm ki fin akouche (jiska sis mwa apre akouchman an);
- Fanm k ap fè alètman (jiska sis mwa apre akouchman an);
- Timoun piti (ti bebe ki poko gen yon lane);
- Timoun ki poko gen senk lane.
Ou dwe ap viv nan Indiana epi reponn ak kritè pou w jwenn revni ke w ap jwenn nan lis anba a oswa sou wic.in.gov.
Kisa Pwogram WIC La Bay?
- Tès depistaj ak evalyasyon nitrisyon ak sante
- Konsèy sou nitrisyon ak manje ki bon pou sante
- Edikasyon ak sipò sou alètman
- Oryantasyon nan sèvis sante ak sosyal
Kòman Pwogram WIC La fonksyone?
Kontakte klinik ki gen pwogram WIC la ki nan kominote w la pou w gen yon vizit gratis pou enskri epi resevwa avantaj yo. Ou ka jwenn enfòmasyon sou klinik la sou wic.in.gov anba Lis Adrès Klinik WIC yo. Lè ou fin enskri, fanmi w ap kalifye pou tout sèvis itil ke Pwogram WIC la bay yo.
Ou ka itilize avantaj pwogram WIC la yo nan magazen WIC Indiana ki apwouve yo pou w achte:
- Lèt ak pwodwi ki fèt ak lèt
- Yogout
- Fwomaj
- Tofou
- Lèt timoun
- Manje ti bebe ak sereyal
- Sereyal
- Fwi ak Legim
- Grenn Antye
- Ji
- Ze
- Pwa
- Manba
- Pwason nan Bwat Konsèv
Poukisa Pou w Itilize Aplikasyon INWIC La?
Aplikasyon INWIC la fè li pi fasil pou jere avantaj ou yo!
Kalifikasyon pou jwenn Revni
Fanmi ki deja ap benefisye Medicaid, Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP, Pwogram Asistans Nitrisyonèl Siplemantè) oswa Temporary Assistance for Needy Families (TANF, Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan nesesite) yo kalifye pou jwenn revni nan pwogram WIC la.
| Gwosè fwaye* a | Revni pa ane, jiska
$ (total avan dediksyon yo) |
Revni pa mwa, jiska
$ (total avan dediksyon yo) |
Revni pa semèn, jiska
$ (total avan dediksyon yo) |
|---|---|---|---|
| 1 | $28,953 | $2,413 | $557 |
| 2 | $39,128 | $3,261 | $753 |
| 3 | $49,303 | $4,109 | $949 |
| 4 | $59,478 | $4,957 | $1,144 |
| 5 | $69,653 | $5,805 | $1,340 |
| 6 | $79,828 | $6,653 | $1,536 |
| 7 | $90,003 | $7,501 | $1,731 |
| 8 | $100,178 | $8,349 | $1,927 |
Si ou ansent, ou kapab konte tèt ou tankou de (2) moun.
Pou fwaye ki gen plis pase 8 moun, ajoute $10,175 revni anyèl pou chak moun anplis.
*Fwaye vle di yon gwoup moun (ki menm fanmi oswa ki pa menm fanmi) k ap viv tankou yon sèl inite ekonomik.
Pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou jwenn klinik ki toupre w la, voye yon imèl nan inwic@health.in.gov, rele nan 800-522-0874, oswa visite sit entènet nou an nan wic.in.gov.