Plon an kapab fè fanmi w mal.
Plon an se yon metal kò nou pa bezwen. Twòp plon nan kò nou kapab bay pwoblèm, sitou kay timoun yo.
Timoun ki an kontak ak twòp plon ka pa parèt malad oswa montre yo malad men yo ka gen pwoblèm kwasans ak aprantisaj.
Evite
- Konsève manje nan potri enpòte ki gen emay plon oswa kristal plon
- Fwi oswa legim ki grandi nan tè plon kontamine
- Manje oswa bwason ki fèt ak dlo plon kontamine
- Kite timoun yo manje oswa moulen penti k ap dekale oswa dekole
Manje Mwens
- Fritay
- Vyann ki gen anpil grès tankou sosis, bekonn ak òtdòg
- Manje ki kuit avèk vyann ki gra, bè ak mantèg
- Ti goute ki gen anpil grès tankou pòmdetè fri ak gato
Pwoteje fanmi ou kont plon avèk manje ki bon pou lasante!
3 Nitriman Kle
- KALSYÒM
- Fè
- Vitamin C
Bon Nitrisyon
Bon nitrisyon se yon mwayen pou pwoteje fanmi ou kont plon.
Pou timoun ak granmoun yo, twa (3) nitriman kle yo kapab jwe yon wòl nan pwoteje kò a kont move efè plon an fè yo:
- Kalsyòm
- Fè
- Vitamin C
Nitriman sa yo pèmèt kò a absòbe mwens plon epi yo fè pati yon rejim alimantè ki bon pou lasante. Chwazi tout kalite manje chak jou.
Lèt manman se pi bon manje pou tibebe yo epi li bay anpil avantaj pou sante yo depi nan kòmansman.
Men sous Kalsyòm yo:
- Lèt
- Yogout
- Fwomaj
- Fwomaj lèt kaye
- Poudin
- Ji zoranj ki gen anpil kalsyòm
- Legim vèt ki gen fèy koulè fonse
Men kèk sous Fèè:
- Sereyal WIC apwouve
- Legiminez (pwa frans, pwa, lantiy)
- Fwi sèk
- Vyann wouj ki san grès, pwason, vyann poul, vyann kodenn
- Legim vèt ki gen fèy koulè fonse
Men kèk sous vitamin C:
- Zoranj
- Chadèk
- Tomat
- Piman dou
- Bwokoli
- Pòmdetè
- Frèz
- Melon
- Ji WIC apwouve
Planifikasyon Repa
Li enpòtan pou fanmi w manje repa ak ti goute regilye. Sa ka pèmèt yo anpeche kò yo absòbe plon an. Mande Nitrisyonis WIC ou a ide sou chwa manje ki bon pou lasante yo ak gwosè pòsyon yo.
Manje Plis
- Vyann ki mèg
- Manje ki kuit nan fou, boukannen oswa ki kuit nan vapè
- Fwi ak legim fre
- Ti goute ki gen tikal grès tankou pretzel, bonbon sèl graham ak ji fwi ki jele
Pa bliye — Toujou lave men w anvan ou manje!
Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou zafè fè tès depistaj plon pou timoun ou an. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou plon, kontakte Indiana Lead and Healthy Homes Program (Pwogram Plon ak Kay Pwòp nan Indiana) sou:
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.