Konsèy SantePou Jèn Manman yo

h2 hide

Manman Cheri,

Nou felisite ou pou nesans tibebe w la! Fanmi ki an sante yo chwazi Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) – se yon bon chwa yo fè, epi nou kontan paske ou la avèk nou.

Antanke yon jèn manman ki nan pwogram WIC, ou kapab:

Sitwèb la gen konsèy ki pou pèmèt ou menm ak tibebe w la rete an sante. Konsèy sa yo pa ranplase konsèy pwofesyonèl swen sante w la. Note kesyon pou poze pwofesyonèl swen sante w la anvan w ale nan pwochen randevou tchèkòp la.

WIC kapab ede w aprann manje manje ki bon pou lasante epi kore demach alètman w lan. WIC gen plizyè seyans sou nitrisyon pou ou menm ak lòt manman yo aprann, pataje ide, ak poze kesyon. Nou espere w renmen eksperyans ou fè avèk WIC la; nou kontan pou n pataje moman espesyal sa a avèk ou.

Ak tout kè nou,
Pèsonèl WIC ou an

Jwenn Swen Ou Bezwen an

Swen apre akouchman an se swen sante yo bay fanm yo apre yo fin akouche tibebe yo a. Gen yon pwofesyonèl swen sante oswa yon enfimyè ki resevwa fòmasyon espesyal k ap verifye pou l wè si w an sante epi si w ap geri byen. Ale nan tout randevou tchèkòp apre akouchman yo.

Pale avèk doktè w la pou asire w medikaman ou ap pran yo bon pou alètman an epi yo p ap diminye kantite lèt ou pwodui a.

Ou menm ak tibebe w la dwe pran vaksen pou n rete an sante. Nou kapab resevwa vaksen ki rekòmande yo pandan ou ap bay tete.
Mom baby walking

Chwazi Manje ki Bon pou Lasante

Manman ki bay tibebe yo tete sèlman bezwen yon ti kras manje anplis. Se yon gid jeneral – chak moun bezwen yon kantite diferan pou repran yon pwa ki bon pou lasante epi kore alètman an, si sa posib. Pou w jwenn yon Rejim Alimantè Chak Jou ki fèt sèlman pou ou, ale sou www.myplate.gov oswa pale avèk Nitrisyonis WIC ou a.

Lè w manje repa ak ti goute regilye pandan tout jounen an, sa ap alimante kò ou epi asire w gen enèji pou nouri tibebe w la, pran swen li, epi jwe avèk li.

Manje Manje Maten, Manje Midi, ak Manje Aswè

Ou menm ak tibebe w la santi nou pi byen lè nou manje repa ak ti goute regilye. Men yon egzanp meni ki gen ladan l manje ou kapab achte avèk avantaj WIC ou yo.

Mete kò w anfòm avèk manje WIC yo. Men sa yo ba ou:

Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt ou.

Manje maten

1 tas ji fwi wouj melanje ki 100%
New breakfast
1 tranch pen konplè griye
1 ze ki bouyi di

Manje midi

Demi (½) gwo tas frèz ki tranche
1 tas kawòt tranche
1 tas dlo
Lunch
2 tranch pen konplè avèk
3 ons vyann kodenn chakitri ki mèg avèk
yon ka (¼) tas leti ak yon ka (¼) tomat

Ti goute

Snacks
Demi (½) tas pèch tranche
1 tas lèt ki gen tikal grès oswa ki pa gen grès
5 oswa 6 bonbon sèl konplè
3 oswa 4 tranch fwomaj
demi (½) tas konkonm tranche
demi (½) tas seriz
dlo ant repa yo ak ti goute yo

Manje aswè

1 tas rezen
demi (½) tas pwa vèt ki kuit
1 tas salad vèt ki melanje avèk yon (1) gwo kiyè sòs salad
Dinner
1 tas espageti konplè avèk
yon ka (¼) tas vyann bèf moulen
avèk yon (1) tas sòs tomat
yon (1) tas lèt ki gen tikal grès oswa ki pa gen grès

Ide pou Manje Maten

Kreye tan pou manje maten an. Li ede w pase jounen an byen. Men kèk ide. Chwazi yon manje oswa plizyè manje nan chak gwoup ki anba a.

Egzanp: Tòtiya Konplè + Manba + Tranch Pòm

Pen, Sereyal, oswa Lòt Grenn yo

Pwodui Lèt oswa Pwoteyin

Apple peanut butter

Fwi oswa Legim

Pizza Image

Fè Atansyon Ak Fasfoud yo

Ou ap deplase? Mande pou fè bon chwa sa yo.

Pran Asid Folik ak Fè Chak Jou

Asid folik se yon vitamin chak grenn selil nan kò ou bezwen. Vitamin sa a ka pwoteje w kont kriz kadyak, estwòk, ak kansè. Si w ansent ankò, li pwoteje tibebe ki nan vant ou an kont malfòmasyon konjenital nan kolòn vètebral ak sèvo ki devlope trè bonè nan gwosès la. Li rekòmande pou pran 400 a 800 mikwogram (mcg) chak jou.

Li etikèt nitrisyon yo pou w ka pran kantite asid folik ki sifizan chak jou.

Manje manje ki gen asid folik menm si w ap pran yon grenn vitamin oswa manje sereyal ki fòtifye.

E fè a?

Eseye manje plis nan manje sa yo ki gen anpil fè ladan yo:

  • Sereyal moun manje maten ki gen anpil fè
  • Pwa sèch ki kuit tankou pwa blan, lantiy, pwa chich, oswa pwa pinto
  • Vyann wouj ki mèg
  • Tofou
  • Ze
  • Legim vèt tankou zepina, chou chevalye, fèy moutad
  • Pòmdetè ak po
  • Ji prin
  • Pen konplè

Melanje manje ki gen anpil fè avèk manje ki gen anpil Vitamin C. Lè w manje manje sa yo ansanm, sa ap ede kò w absòbe plis fè nan manje w manje a.

Men bon sous Vitamin C yo:

Nutrition Facts

Kèk Ti Chanjman ak Bon Chwa Ap Fè Ou Pi An Sante!

Ti chanjman yo kapab fè yon gwo diferans nan ede w santi w byen, genyen plis enèji ak megri. Genyen anpil konsèy manman yo pataje ki fonksyone pou yo.

Mom baby walking

Bouje Kò Ou Nenpòt Lè Ou Kapab

Kò ou rete anfòm lè w bouje li. Bouje kò w si pwofesyonèl swen sante w la ba ou otorizasyon. Mache, detire, ak naje se kèk bon mannyè pou w ka bouje kò w.

Men sa aktivite fizik kapab fè:

Al dousman lè w fenk kòmanse. Kò w bezwen geri. Mande pwofesyonèl swen sante w la sa w kapab fè ak lè w kapab fè li.

Kòmanse fè ti mache 5 oswa 10 minit. Apre yon semèn, mache yon ti kras pi lontan oswa pi lwen. Fikse yon objektif ou kapab atenn.

Men kèk lòt mwayen fasil pou bouje kò ou:

Epitou, ou kapab jwenn lòt pwogram oswa videyo egzèsis ki amizan epi gratis sou entènèt.

Chanje abitid sante yo youn apre lòt.

Abitye ak yon chanjman anvan w fè lòt chanjman an.

Ki manje ou kapab diminye?

Egzanp: Redui konsomasyon soda a ak youn pa jou.

Ki manjeou kapab chanje?

Egzanp: Manje yogout ki gen tikal grès avèk fwi pou manje maten.

Kisa w kapab fè pou bouje kò ou plis?

Egzanp: Pa pran asansè a, monte eskalye a pito.

Kreye Tan pou Tèt Ou

Pwofite tibebe w la, men pran swen tèt ou, tou.

Lè w manje manje ki fòtifyan epi ki regilye, sa ap pèmèt ou:

Pran Swen Dan Ou ak Bouch Ou

Brushing Teeth

Lè dan w ak jansiv ou pwòp epi an sante, se yon siy ki montre ou gen yon sante ki djanm.

Depresyon Apre Akouchman

Pifò jèn manman yo gen depresyon apre akouchman. Yo kriye, yo santi yo tris, epi karaktè yo chanje bridsoukou. Sa kapab dire jiska 2 semèn. Si sa kontinye jiskaske li agrave, li posib pou soufri depresyon apre akouchman.

Si w panse se Depresyon Apre Akouchman ou ka genyen, pale ak pwofesyonèl swen sante w la pou l ede w. Ou merite pou santi w byen.

Si ou panse fè tèt ou oswa tibebe w la mal, chèche èd lapoula.

Rele Liy Èd Postpartum Support International la nan 1-800-944-4773ale sou www.postpartum.net, oswa voye mesaj tèks nan 800-944-4773 (Anglè) oswa 971-203-7773 (Panyòl).

Siy Depresyon Apre Akouchman

Se lè w santi nenpòt nan bagay sa yo pandan plis pase 2 semèn:

Woman outdoors sun

Eseye Fè Sa pou Soulaje Estrès la

Konprann Siyal Tibebe w la

Tibebe w la itilize mouvman kò ak siyal pou l di w sa li bezwen. Lè w reyaji fas ak siyal tibebe w la, sa kapab pèmèt li kalme l epi gen kè kontan.

"Mwen grangou"

hungry image

Men sa tibebe w la ka fè lè li grangou:

"Vant mwen plen"

baby is full

Men sa tibebe w la ka fè lè vant li plen:

"Mwen vle bòkote w"

Near you image

Lè mwen vle jwe.

Ofiyamezi tibebe w la ap grandi, ou ap kapab detèmine pi byen lè l vle entèyaji, aprann, oswa jwe.

Men sa tibebe w la ka fè lè l ap mande w pou ede l aprann plis bagay sou ou menm ak nouvo mond li ye a:

"Mwen bezwen fè yon poz"

Lè mwen bezwen yon bagay diferan.

Ofiyamezi ou ap aprann konnen tibebe w la, w ap kòmanse aprann sa li ap eseye di w. Sa ap pran tan.

Men sa tibebe w la ka fè lè li vle sispann jwe ak aprann oswa lè l bezwen yon ti moman trankilite:

Byen Kòmanse avèk Tibebe Ou An – Ba Li Tete!

Alètman se yon bagay ki natirèl, men li ka mande tan ak pratik. Ou menm ak tibebe w la ap aprann nan premye semèn yo. Apresa, bagay la ap vin pi fasil.

Repoze w. Ou ap gen plis enèji pou bay tibebe w la.

Bwè dlo, lèt, ak ji ki 100% lè w swaf. Prepare yon bwason pou bwè pandan w ap bay tete a.

Manje twa (3) repa ak omwen yon ti goute chak jou. Men kèk ide pou ti goute a:

Si w pa bwè lèt, fè WIC konnen sa. Ou kapab jwenn kalsyòm nan lòt manje tankou:

Antre nan yon gwoup sipò pou alètman kote w kapab pale avèk lòt manman yo.
Rele WIC oswa yon konsiltan nan zafè laktasyon si w gen kesyon sou alètman.

Alètman – Avantaj pou Ou, Avantaj pou Tibebe a

Tibebe ki tete yo:

Manman ki bay tete yo:

Mom breastfeeding

Konsèy pou Bay Lèt nan Bwat

Dad baby
Kit ou chwazi bay tibebe w la lèt manman kit ou chwazi bay li lèt nan bwat, tibebe w la konte sou ou pou ede l manje byen. Pou w jwenn enfòmasyon sou alètman nan bibwon ki mezire, al gade gid sou manje pou tibebe ki gen ant 0 ak 6 mwa.

Rete An Sekirite

Evite konsome tabak oswa pwodui ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg pou kenbe tèt ou ak tibebe w la an sante. Si w ap planifye yon lòt gwosès, nou kapab ede w jwenn resous pou kanpe oswa redui konsomasyon tabak, nikotin, alkòl, oswa dwòg.

Lè w fimen oswa konsome tabak oswa pwodui ki gen nikotin, sa kapab fè enpak sou sante ou. Lafimen oswa vapè sigarèt oswa plim vapè yo kapab fè enpak sou lòt moun ki bòkote w. Lè w fimen bòkote tibebe oswa timoun yo, sa kapab ogmante risk pou yo gen grip, enfeksyon nan zòrèy, Sendwòm Lanmò Sibit Tibebe (SIDS), oswa opresyon.

Panse pou tabli yon règ ki entèdi moun fimen nan kay ou ak machin ou. Mande moun yo pou yo pa fimen bòkote ou menm ak tibebe w la.

Nou konnen jan li difisil pou kite oswa redui konsomasyon tabak oswa pwodui ki gen nikotin. Si w gen difikilte pou kite oswa redui konsomasyon ou, nou gen resous pou ou. Ale sou www.quitnow.net pou w jwenn èd pou sispann konsome tabak oswa nikotin ki gen ladan l ankadreman gratis, yon plan kite fimen gratis, ak materyèl edikatif.

Li rekòmande pou evite alkòl, marigwana, ak lòt dwòg pou kenbe tèt ou ak tibebe w la oswa timoun yo an sante epi an sekirite. Nou genyen resous pou kore jefò ou ap fè pou sispann oswa redui konsomasyon ou.

Pou w jwenn èd pou kite pwodui sa yo, kontakte pwofesyonèl swen sante w la oswa ale sou www.findtreatment.gov.

For support with quitting alcohol, marijuana, or other illegal drug use contact your healthcare provider or visit www.findtreatment.gov.

Never leave your child with people who drink too much or use drugs.

Say NO to:

Pou w jwenn sipò pou alètman, kontakte Konseye nan Alètman WIC oswa Ekspè Alètman WIC Deziyen ki nan zòn ou an.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.

The ‘I’m a WIC Client’ button now directs to Nutrition and Breastfeeding, the content offered on the site has not changed.

Side Lying Hold

Side-Lying Hold

  1. For the right breast, lie on your right side with your baby facing you.
  2. Pull your baby close. Your baby’s mouth should be level with your nipple.
  3. In this position, you can cradle your baby’s back with your left arm and support yourself with your right arm and/or pillows.
  4. Keep loose clothing and bedding away from your baby.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Cross Cradle Hold

Cross-Cradle Hold

  1. For the right breast, use your left arm to hold your baby’s head at your right breast and baby’s body toward your left side. A pillow across your lap can help support your left arm.
  2. Gently place your left hand behind your baby’s ears and neck, with your thumb and index finger behind each ear and your palm between baby’s shoulder blades. Turn your baby’s body toward yours so your tummies are touching.
  3. Hold your breast as if you are squeezing a sandwich. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
  4. As your baby’s mouth opens, push gently with your left palm on baby’s head to help them latch on. Make sure you keep your fingers out of the way.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Football Hold

Clutch or “Football” Hold

  1. For the right breast, hold your baby level, facing up, at your right side.
  2. Put your baby’s head near your right nipple and support their back and legs under your right arm.
  3. Hold the base of your baby’s head with your right palm. A pillow underneath your right arm can help support your baby’s weight.
  4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Bring baby to you instead.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Breastfeeding Holds

Cradle Hold

  1. For the right breast, cradle your baby with your right arm. Your baby will be on their left side across your lap, facing you at nipple level.
  2. Your baby’s head will rest on your right forearm with your baby’s back along your inner arm and palm.
  3. Turn your baby’s tummy toward your tummy. Your left hand is free to support your breast, if needed. Pillows can help support your arm and elbow.
  4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Breastfeeding Holds

Laid-Back Hold

  1. Lean back on a pillow with your baby’s tummy touching yours and their head at breast level. Some moms find that sitting up nearly straight works well. Others prefer to lean back and lie almost flat.
  2. You can place your baby’s cheek near your breast, or you may want to use one hand to hold your breast near your baby. It’s up to you and what you think feels best.
  3. Your baby will naturally find your nipple, latch, and begin to suckle.

This hold is useful when: