Konsèy pou gen yon Gwosès An Sante

Chè Manman,

Ou oblije genyen yon tibebe ki an sante epi kenbe tèt ou an sante, tou. Lè w manje manje ki fòtifyan epi lè w jwenn swen ou bezwen an, se youn nan pi gwo kado ou bay tibebe ou genyen k ap devlope a.

WIC kapab ede ou:

Konsèy ki sou paj sa a pa ranplase konsèy pwofesyonèl swen sante w la. Note kesyon pou poze yo anvan w ale nan randevou tchèkòp prenatal yo.

Lè w ale nan biwo Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ki nan zòn ou an, ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou manje ki bon pou lasante. Nou espere w pwofite tout bagay WIC genyen pou l ofri yo.

Ak tout kè nou,
Pèsonèl WIC ou an

Pran Swen Prenatal

Swen prenatal la se swen sante pou fanm ansent. Gen yon pwofesyonèl swen sante oswa yon enfimyè ki resevwa fòmasyon espesyal k ap verifye pou l wè si ou menm ak tibebe w la anfòm.

Men sa ou kapab atann:

Pran swen prenatal depi w panse ou ansent. Kalandriye anwo a se yon gid; li enpòtan pou w ale nan tout randevou ki rekòmande yo. Ou kapab aprann plis bagay sou tibebe w la ak fason kò w ap chanje.

pregnant woman doctor

Chwazi Manje ki Bon pou Lasante pou Ou Menm ak Tibebe W la

Tibebe w la grandi pi byen lè w manje manje ki bon lasante. Chwazi tout kalite manje nan toulè senk (5) gwoup manje yo chak jou.

Pou w jwenn yon rejim alimantè pèsonèl pou suiv chak jou, ale sou www.myplate.gov

Eseye Meni

Ou menm ak tibebe w la santi nou pi byen lè nou manje repa ak ti goute regilye. Men yon egzanp meni ki gen ladan l manje ou kapab achte avèk avantaj WIC ou yo.

Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt ou.

Manje maten

1 fig mi
1 tas lèt ki pa gen grès oswa ki 1%
breakfast
1 tranch pen konplè griye
1 ze bwouye ki kuit

Manje midi

Demi (½) tas moso bwokoli ki kuit
1 tas dlo
Lunch
1 ons pen mayi
demi (½) tas sòs tomat ak yon ka
(¼) tas pwa pinto epi yon (¼) tas pwa wouj

Ti goute

Snacks
Demi (½) tas ji zoranj ki 100%
1 tas melon ki koupe
demi (½) yogout ki gen tikal grès
5 oswa 6 bonbon sèl konplè
3 oswa 4 tranch fwomaj
demi (½) tas konkonm tranche avèk 1 gwo kiyè sòs salad
dlo ant repa yo ak ti goute yo

Manje aswè

1 tas salad vèt ki melanje avèk yon ka (¼) tas tomat
avèk yon bò (½) ze ki bouyi di avèk 1 gwo kiyè sòs salad
demi (½) tas kawòt kuit ki tranche
Dinner
1 tas diri konplè
avèk 3 ons vyann poul ki kuit nan fou epi ki tranche
1 tas lèt ki pa gen grès oswa ki 1%

Ti goute: Gou, Bon pou Lasante, epi Fasil

Vize 2 a 3 ti goute chak jou. Eseye fè melanj ti goute ki bon pou lasante lè w chwazi manje nan omwen de (2) gwoup manje yo. Ti goute ekilibre sa yo ap fè ou rete vant plen.

Egzanp: Manba + Tranch Pòm

Pen, Sereyal, oswa
Lòt Grenn

Pwodui lèt oswa
Pwoteyin

Apples

Fwi oswa
Legim

Konsèy sou Restoran Fasfoud

Ou ap deplase? Mande fasfoud sa yo:

Konsèy sou Sekirite Manje

Pinga ou manje kèk manje.

Gen kèk manje ki pa bon pou ou menm ak tibebe w la lè w ansent. Men sa pou pa manje:

Mande pwofesyonèl swen sante w la anvan ou manje fèy oswa bwè te fèy; yo gendwa pa bon pou tibebe w la.

Pran Vitamin Prenatal yo

Vitamin prenatal yo gen fè ak asid folik anplis pou pèmèt tibebe w la devlope. Gade pou wè si vitamin prenatal ou a gen omwen 150 mcg yòd ladan l. Si vitamin prenatal ou ap pran an pa genyen kantite yòd sa a ladan l, mande pwofesyonèl swen sante w la.

Pinga ou pran okenn lòt vitamin sof si pwofesyonèl swen sante w la preskri w li.
Preg pills

Pran Swen Dan Ou

Keep Your Teeth Healthy

Gen chanjman òmonal ki fèt kay fanm ansent yo ki kapab fè enpak sou sante bouch yo.

Pou w kenbe dan w ak jansiv ou an sante, asire ou:

Itilize yon bwòsdan ki gen pay swa. Bwose dousman. Si jansiv ou senyen lè w bwose oswa lè w pase fil dan, di pwofesyonèl swen sante w la sa.

Fè Aktivite Fizik pou Kò w An Sante

Kò ou rete anfòm lè w bouje li. Bouje kò w si pwofesyonèl swen sante w la ba ou otorizasyon. Mache, detire, ak naje se kèk bon mannyè pou w ka bouje kò w.
Men sa ki rive lè w fè aktivite fizik:

Jwenn tan pou w fè aktivite fizik pandan 30 minit oswa pandan pifò jou oswa tout jou nan semèn nan.

Men ki jan ou kapab repati tan an:

10 minit mache nan maten

+ 10 minit mache nan apremidi

+ 10 minit mache nan aswè

30 minit

Walking with weights

Gwosi

Kantite pwa ou ta dwe pran an depannde pwa ou te genyen anvan gwosès la. Mande pwofesyonèl swen sante w la, enfimyè a, oswa pèsonèl WIC yon grafik pwa pou siveye pwogrè ou.

Pwa Ou Te Genyen Anvan Gwosès
Pwa ki pa sifi
Endis mas kòporèl ki mwens pase 18.5
Bon Pwa
Endis mas kòpòrèl ki ant 18.5 ak 24.9
Pwa ki depase
Endis mas kòpòrèl ki ant 25 ak 29.9
Obèz
Endis mas kòpòrèl ki plis pase 30 oswa ki egal ak 30
Bon Pwa Ou Pran Pandan Gwosès Ou a
Ant 28 ak 40 liv
Ant 25 ak 35 liv​
Ant 15 ak 25 liv
Ant 11 ak 20 liv
Preg Checkup

Bon Pwa Ou Pran Pandan Gwosès Ou a Pwa ou pran pandan gwosès ou a pèmèt tibebe w la devlope. Ou ta dwe pran ant 1 ak 4 liv pandan premye trimès la. Apati 4yèm mwa a, ou ka pran ant demi (½) ak yon (1) liv anviwon pa semèn.

Pou w kontinye pran pwa yon fason ki estab:

Si pwa ou pran an:

Nòmal

Ou ka megri pi fasil lè tibebe w la fin fèt. Li kapab ede pwoteje sante w ak sante tibebe w la.

Twò piti

Tibebe w la ka fèt twò piti oswa twò bonè.

Twòp

Li ka pi difisil pou w megri lè tibebe w la fin fèt. Epitou, li kapab ogmante risk ou menm oswa tibebe w la genyen pou soufri pwoblèm sante alontèm.

Si w ansent marasa, triplè oswa plis timoun, pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou pwa ou ta dwe pran ki bon pou ou.

Pwoteje Tibebe Ou An epi Kenbe Li An Sante

Li rekòmande pou w evite tabak, nikotin, alkòl (byè, diven, tafya, oswa bwason ki melanje), marigwana, ak dwòg ki ilegal yo pandan gwosès la. Chak pwodui sa yo kapab fè enpak negatif sou sante w ak sante tibebe w la.

Nou konnen li kapab difisil pou kanpe oswa redui konsomasyon pwodui sa yo. Si w gen difikilte, gen resous ki disponib ki kapab ede w.

Ou pa poukont ou.

Nou la pou n sipòte w.

Pou w jwenn èd pou sispann konsome tabak oswa nikotin ki gen ladan l ankadreman gratis, yon plan kite fimen gratis, ak materyèl edikatif gratis, ale sou www.quitnow.net.

Pou w jwenn èd pou kite alkòl, marigwana, oswa konsomasyon lòt dwòg ilegal, kontakte pwofesyonèl swen sante w la oswa ale sou www.findtreatment.gov.

Mande pwofesyonèl swen sante w la anvan ou pran medikaman pou asire w li bon pou tibebe w la.

Malèz Pandan Gwosès

Kò ou chanje lè w ansent. Ou gendwa gen anvi vomi pandan 3 oswa 4 premye mwa yo. Gen kèk odè ak manje ki gendwa fè w vomi.

Men sa pou fè si w anvi vomi… (maladi gwosès):
Ou kapab gen “maladi gwosès” nenpòt lè nan jounen an.
Preg Mom

Ofiyamezi tibebe w la ap devlope, ou ka gen yon vant fè mal lè w manje. Li gendwa difisil pou ale alasèl. Pale ak pwofesyonèl swen sante w la si gen pwoblèm sa yo. Pa pran medikaman sof si pwofesyonèl swen sante w la konseye w pran yo. Men kèk konsèy:

Si w gen kè brile…(Gonfleman):

Si w konstipe… (ou pa ka poupou):

pregnant back ache

Byen Kòmanse avèk Tibebe Ou An – Ba Li Tete!

Lèt manman se tout sa tibebe w la bezwen pandan sis (6) premye mwa yo nan lavi l. Lèt ou genyen an gen bon engredyan yo nan kantite ki apwopriye yo pou tibebe la kòmanse viv lavi l byen anfòm. Alètman an bon pou ou tou.

Men sa Manman K Ap Fè Alètman yo di...

"M santi m fyè lè m ap bay tete. Tibebe m lan
an sante epi li djanm gras ak yon kado sèl mwen kapab ba li."

Alètman an pwoteje sante tibebe w la.
Tibebe ki tete yo gen mwens risk pou yo:

Alètman an bon pou manman an, tou.

Alètman an pèmèt ou:

Verite sou Alètman

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou alètman, ale sou wicbreastfeeding.fns.usda.gov

Mom-Baby-sleeping

Plan Alètman Mwen Nan Lopital La

Di enfimyè w yo ak pwofesyonèl swen sante w la objektif ou se pou fè alètman sèlman pou tibebe w la. Mande yo pou yo suiv direktiv sa yo depi yo bon pou ou menm ak tibebe w la.

Alètman Sèlman – Tanpri pa bay tibebe mwen an okenn lèt nan bwat, dlo oswa dlo glikoz toutotan w pa pale ak mari/mennaj mwen oswa mwen menm.

Kontak Po ak Po – Pandan sejou mwen an, mwen vle kenbe tibebe mwen nan bra mwen otank posib.

Ponp Lèt – Si tibebe mwen an pa kapab tete oswa li separe ak mwen poutèt rezon medikal, mwen vle itilize yon ponp lèt pi vit posib. Si mwen oblije fè plis tan ap ponpe lèt pase sejou m fè nan lopital la, tanpri raple mwen pou m rele biwo WIC ki nan zòn mwen an.

Nanpwen Bibwon oswa Sousèt – Tanpri pa bay tibebe m nan tetin atifisyèl. Sa vle di sousèt oswa nenpòt kalite bibwon.

Sipò pou Alètman – Tanpri ede mwen avèk alètman an pandan premye èdtan apre m fin akouche.

Sak pou Pote – Tanpri pa voye okenn lèt nan bwat ni enfòmasyon sou lèt nan bwat lakay la lè nou ap kite lopital la. Depreferans, fè mwen sonje mwen ap bay tibebe mwen an pi bon nitrisyon an lè mwen chwazi ba li tete.

Kreye Tan pou Tèt Ou

Gen yon tibebe se pa jwèt non! Gendelè ou ka santi w fatige, emosyonèl, epi mabyal. Ou gendwa menm santi w tris. Jwenn tan pou rilaks ou epi repoze w. Si w santi ou akable, mande moun ede w.

Mande fanmi ak zanmi ou ede w.

Pale ak pwofesyonèl swen sante w la.

Rele Liy Èd Postpartum Support International la nan 1-800-944-4773, ale sou www.postpartum.net, oswa voye mesaj tèks nan 800-944-4773 (Anglè) oswa 971-203-7773 (Panyòl).

Men sa pou fè pou montre w renmen tèt ou:

Si ou panse fè tèt ou oswa tibebe w la mal, chèche èd lapoula.

Rele nan 1-800-273-8255 oswa rele oswa voye mesaj tèks nan 988 pou jwenn sipò emosyonèl konfidansyèl 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Pou w jwenn sipò pou alètman, kontakte Konseye nan Alètman WIC oswa Ekspè Alètman WIC Deziyen ki nan zòn ou an.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.

The ‘I’m a WIC Client’ button now directs to Nutrition and Breastfeeding, the content offered on the site has not changed.

Side Lying Hold

Side-Lying Hold

  1. For the right breast, lie on your right side with your baby facing you.
  2. Pull your baby close. Your baby’s mouth should be level with your nipple.
  3. In this position, you can cradle your baby’s back with your left arm and support yourself with your right arm and/or pillows.
  4. Keep loose clothing and bedding away from your baby.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Cross Cradle Hold

Cross-Cradle Hold

  1. For the right breast, use your left arm to hold your baby’s head at your right breast and baby’s body toward your left side. A pillow across your lap can help support your left arm.
  2. Gently place your left hand behind your baby’s ears and neck, with your thumb and index finger behind each ear and your palm between baby’s shoulder blades. Turn your baby’s body toward yours so your tummies are touching.
  3. Hold your breast as if you are squeezing a sandwich. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
  4. As your baby’s mouth opens, push gently with your left palm on baby’s head to help them latch on. Make sure you keep your fingers out of the way.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Football Hold

Clutch or “Football” Hold

  1. For the right breast, hold your baby level, facing up, at your right side.
  2. Put your baby’s head near your right nipple and support their back and legs under your right arm.
  3. Hold the base of your baby’s head with your right palm. A pillow underneath your right arm can help support your baby’s weight.
  4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Bring baby to you instead.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Breastfeeding Holds

Cradle Hold

  1. For the right breast, cradle your baby with your right arm. Your baby will be on their left side across your lap, facing you at nipple level.
  2. Your baby’s head will rest on your right forearm with your baby’s back along your inner arm and palm.
  3. Turn your baby’s tummy toward your tummy. Your left hand is free to support your breast, if needed. Pillows can help support your arm and elbow.
  4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
  5. Reverse for the left breast.

This hold is useful when:

Breastfeeding Holds

Laid-Back Hold

  1. Lean back on a pillow with your baby’s tummy touching yours and their head at breast level. Some moms find that sitting up nearly straight works well. Others prefer to lean back and lie almost flat.
  2. You can place your baby’s cheek near your breast, or you may want to use one hand to hold your breast near your baby. It’s up to you and what you think feels best.
  3. Your baby will naturally find your nipple, latch, and begin to suckle.

This hold is useful when: