Fason pou Nouri yon Tibebe ki gen Ant 0 ak 3 Mwa
Vant tibebe ki fenk fèt yo piti anpil. Se sa ki fè ou dwe nouri yo souvan. Ofiyamezi tibebe yo ap grandi, vant yo kapab pran plis lèt. Kidonk, ka vin gen plis espas ant lè pou nouri yo epi sa ka pran mwens tan. Pandan premye semèn yo, ou ka oblije reveye tibebe w la pou nouri l si li dòmi pandan plis pase 4 èdtan.
Si w ap ba li lèt manman nan yon bibwon, li itil pou ofri li ti kantite alafwa pou ka imite fason tibebe a te ka nouri nan tete a. Epitou, alètman nan bibwon ki mezire ap pèmèt tibebe a manje pi dousman epi l ap anpeche li bwè twòp lèt.