Skip to Content Skip to Footer
Indiana WIC logo
  • Alètman
    • Alètman
      Alètman ak Somèy San Danje
    • Alètman
      Alètman nan Bibwon ki Mezire
    • Alètman
      Alètman Lwa nan Eta Indiana
    • Alètman
      Konseye nan Alètman
    • Alètman
      Fason Pou Pran Swen Tèt Ou Lè Ou Fin Pèdi yon Tibebe
    • Alètman
      Kisa tibebe mwen an ap eseye di m?
    • Alètman
      Prensip pou Estoke Lèt Manman
  • Nitrisyon ak Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Apre Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Rete an Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Tibebe
    • Nitrisyon ak Sante
      Timoun
    • Nitrisyon ak Sante
      Papa
    • Nitrisyon ak Sante
      Fanmi
  • Resous WIC
    • Resous WIC
      Ti Liv Pwogram Lan
    • Resous WIC
      Elijibilite pou pwogram WIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon INWIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon Mobil INWIC Gid Referans Rapid Pou
    • Resous WIC
      Gid Kat EBT WIC
    • Resous WIC
      Lokalizasion Marse Fermie
  • Creole
    • English
    • Spanish
    • Burmese
    • hakha chin
    • Arabic

Gid pou Nouri Tibebe

  • Home
  • Infant Feeding Guide
  • Infants
  • Infant Feeding Guide

Infographic Available*

Fason pou Nouri <br>yon Tibebe ki gen <br> Ant 0 ak 3 Mwa*

Fason pou Nouri
yon Tibebe ki gen
Ant 0 ak 3 Mwa*

Fason pou Nouri yon Tibebe ki gen Ant 0 ak 3 Mwa*

Vant tibebe ki fenk fèt yo piti anpil. Se sa ki fè ou dwe nouri yo souvan. Ofiyamezi tibebe yo ap grandi, vant yo kapab pran plis lèt. Kidonk, ka vin gen plis espas ant lè pou nouri yo epi sa ka pran mwens tan. Pandan premye semèn yo, ou ka oblije reveye tibebe w la pou nouri l si li dòmi pandan plis pase 4 èdtan.

Si w ap ba li lèt manman nan yon bibwon, li itil pou ofri li ti kantite alafwa pou ka imite fason tibebe a te ka nouri nan tete a. Epitou, alètman nan bibwon ki mezire ap pèmèt tibebe a manje pi dousman epi l ap anpeche li bwè twòp lèt.

Your Babys Tummy is Very Small
Gade epi pataje enfografik Vant Tibebe w la ki piti anpil la.
https://indiana.wicresources.org/wp-content/uploads/sites/5/2026/02/Your_Babys_Tummy_Is_Very_Small.pdf
  • Lèt Manman Klike la a
  • Lèt nan Bwat pou Tibebe Klike la a

Lèt Manman Klike la a

Bay tete chak 1 èdtan edmi (½) ak 3 èdtan, oswa 8 a 12 fwa pa jou.

Si se nan bibwon ou nouri li, ba li yon ti kantite alafwa, anviwon 2 a 3 oz.

Your Babys Tummy is Very Small
Gade epi pataje Enfografik sou Konte Kouchèt Tibebe ki nan Tete a
https://indiana.wicresources.org/wp-content/uploads/sites/5/2026/02/Kantite-Kouche╠Ct-pou-yon-Tibebe-ki-nan-Tete.pdf

Lèt nan Bwat pou Tibebe Klike la a

Lè tibebe a fenk fèt, li sèlman bezwen 1 a 2 ons lèt nan bwat ki gen anpil fè ladan l alafwa. Apre premye jou yo, tibebe ki fenk fèt yo bwè an jeneral 2 a 3 ons lèt nan bwat chak 3 a 4 èdtan.

Anvan premye mwa a fini, tibebe w la ka bwè jiska 4 ons chak 4 èdtan.

6 a 8 liv: 15 a 20 ons pa jou
8 a 10 liv: 20 a 25 ons pa jou
10 a 12 liv: 25 a 32 ons pa jou

 Fason pou Nouri yon  <br>Tibebe ki gen Ant 4 ak 5 Mwa

Fason pou Nouri yon
Tibebe ki gen Ant 4 ak 5 Mwa

Fason pou Nouri yon Tibebe ki gen Ant 4 ak 5 Mwa

Ou ka kòmanse nouri tibebe w la selon yon orè. Olye ou konsantre w sou kantite ki fiks, kite tibebe w la fè w konnen lè li pa ka pran ankò.

Pandan pouse kwasans yo, ant 2 ak 4 semèn, 6 semèn, 3 ak 4 mwa, ak 6 mwa, tibebe w la ka bezwen manje pi souvan.

  • Lèt Manman Klike la a
  • Lèt nan Bwat pou Tibebe Klike la a

Lèt Manman Klike la a

Bay tibebe w la tete lè li mande w, omwen 7 a 9 fwa pa jou.

Si se nan bibwon ou nouri li, ba li yon ti kantite alafwa, anviwon 4 a 6 oz.

Lè tibebe w la kòmanse pouse dan, li ka bezwen tete pi souvan.

Lèt nan Bwat pou Tibebe Klike la a

Tibebe w la bezwen apeprè 4 a 6 ons lèt nan bwat ki gen anpil fè chak 3 a 4 èdtan, sa ki fè antou 25 a 45 ons pa jou.

Anvan dan yo soti, siye jansiv li avèk yon debabouyèt mou ki pwòp chak lè ou fin nouri l, sitou anvan li al kouche.

Fason pou Nouri yon <br>Tibebe ki gen Ant 6 ak 7 Mwa

Fason pou Nouri yon
Tibebe ki gen Ant 6 ak 7 Mwa

Fason pou Nouri yon Tibebe ki gen Ant 6 ak 7 Mwa

Ba l gwo manje nan yon kiyè oswa ak dwèt ou. Mete manje a nan kiyè a epi kite tibebe w la mete l nan bouch li. Pa ba li manje ni sereyal nan bibwon.

  • Lèt manman Klike la a
  • Lèt nan Bwat pou Tibebe Klike la a

Lèt manman Klike la a

Kontinye ba li tete lè li mande w, omwen 4 a 6 fwa pa jou.

Si tibebe w la sanble pa twò enterese nan tete a apre w fin fouye li nan gwo manje, eseye ba li tete anvan w ba li gwo manje.

Tibebe yo ka gen pouse kwasans lè yo gen anviwon 6 mwa epi yo ka manje pi souvan.

Eseye ba l lèt manman nan yon ti gode.

Lèt nan Bwat pou Tibebe Klike la a

Ba li 24 a 32 ons lèt nan bwat ki gen anpil fè pa jou.

Ba l lèt la nan yon ti gode.

  • GrennKlike la a
  • Legim Klike la a
  • Fwi Klike la a
  • Pwoteyin Klike la a

GrennKlike la a

Itilize lèt manman oswa lèt nan bwat pou prepare 2 a 4 gwo kiyè sereyal tibebe ki gen anpil fè. Ba li l de (2) fwa pa jou.

2 a 4 gwo kiyè pen sèk, bonbon sèl tibebe, ak sereyal. Ba li l de (2) fwa pa jou.
Spoon

Legim Klike la a

4 a 8 gwo kiyè pa jou.

Legim ki kuit, pire, kraze.

Spoon

Fwi Klike la a

4 a 8 gwo kiyè pa jou.

Fwi ki kuit, pire, kraze.

Sòs pòm, pèch ki pire, oswa fig mi ki kraze.

Spoon

Pwoteyin Klike la a

2 a 4 gwo kiyè pa jou.

Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason oswa legiminez san melanj ki pase nan paswa, ki kraze oswa pire.

Yogout ki fèt ak lèt antye ki fen.

Bonbon sèl ki bere ak ti kouch manba ki swa epi ki epè oswa ki melanje avèk sòs pòm ak kanèl, epi ki simaye sou pen an.

Spoon

Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt mwen.

Manje maten

3 gwo kiyè fig mi kraze

Lèt manman oswa lèt nan bwat

Breakfast Dish

2 gwo kiyè sereyal tibebe ki prepare

Manje midi

3 gwo kiyè moso patat tranche ki kuit nan fou

Lèt manman oswa lèt nan bwat

lunch Dish

3 gwo kiyè pire vyann poul

Ti goute

3 gwo kiyè pòm tranche ki kuit nan fou

snacks Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

Manje aswè

3 gwo kiyè pwa frans kuit ki kraze

dinner Dish

2 gwo kiyè pen konplè griye

Lèt manman oswa lèt nan bwat

Fason pou Nouri yon <br>Tibebe ki gen Ant 8 ak 9 Mwa

Fason pou Nouri yon
Tibebe ki gen Ant 8 ak 9 Mwa

Fason pou Nouri yon Tibebe ki gen Ant 8 ak 9 Mwa

Ofiyamezi tibebe w la ap grandi epi aprann nouvo teknik lamanjay, eseye konsistans ak manje ki diferan.

  • Lèt Manman klike la a
  • Lèt nan Bwat pou Tibebe klike la a

Lèt Manman klike la a

Kontinye ba li tete lè li mande w, omwen 4 fwa pa jou.

Si tibebe w la sanble pa twò enterese nan tete a apre w fin fouye li nan gwo manje, eseye ba li tete anvan w ba li gwo manje.

Ba l lèt manman nan yon ti gode.

Lèt nan Bwat pou Tibebe klike la a

24 a 32 ons pa jou.

Ba l lèt la nan yon ti gode.

  • Grenn Klike la a
  • LegimKlike la a
  • Fwi Klike la a
  • Pwoteyin Klike la a

Grenn Klike la a

4 a 8 gwo kiyè pa jou.

Sereyal tibebe ki gen anpil fè san melanj.

Diri oswa pat alimantè san melanj.

Bonbon sèl tibebe, ti moso pen, oswa tòtiya ki mou.

Spoon

LegimKlike la a

8 a 12 gwo kiyè pa jou.

Ti moso legim san melanj ki kuit.

Spoon

Fwi Klike la a

8 a 12 gwo kiyè pa jou.

Ti moso fwi mou ki kale.

Fwi nan bwat konsèv ki pa sikre.

Spoon

Pwoteyin Klike la a

4 a 8 gwo kiyè pa jou.

Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason ki moulen fen, rache, oswa koupe an kib, oswa pwa ki kuit.

Fwomaj lèt kaye oswa fwomaj lejè.

Ti kouch manba ki swa epi ki epè.

Spoon

Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt mwen.

Manje maten

Lèt manman oswa lèt nan bwat

Breakfast Dish

2 gwo kiyè ti moso pen ki fèt ak ble

2 gwo kiyè ze bwouye

Manje midi

4 gwo kiyè franbwaz rache

5 gwo kiyè pwa vèt ki kuit epi ki rache

lunch Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

2 gwo kiyè vyann poul ki kuit epi ki rache

Ti goute

2 gwo kiyè kiwi rache

snacks Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

3 gwo kiyè tòtiya mayi ki koupe

Manje aswè

4 gwo kiyè pwa frans nan bwat konsèv ki rache epi ki pa sikre

5 gwo kiyè bwokoli ki kuit epi ki koupe

dinner Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

3 gwo kiyè pat alimantè konplè ki kuit

2 gwo kiyè pwa nwa ki kuit

Fason pou Nouri  <br> yon Tibebe ki  <br>gen Ant 10 ak 12 Mwa

Fason pou Nouri
yon Tibebe ki
gen Ant 10 ak 12 Mwa

Fason pou Nouri yon Tibebe ki gen Ant 10 ak 12 Mwa

Lèt manman se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm lè w kòmanse ba li gwo manje. Kòmanse bay tibebe w la lèt antye lè li gen yon (1) lane.

  • Lèt Manman klike la a
  • Lèt nan bwat pou tibebe klike la a

Lèt Manman klike la a

Kontinye ba li tete lè l mande, 3 fwa pa jou oswa plis.

Lèt nan bwat pou tibebe klike la a

16 a 24 ons pa jou.

Ba l lèt la nan yon ti gode.

  • Grenn Klike la a
  • Legim Klike la a
  • Fwi Klike la a
  • Pwoteyin Klike la a

Grenn Klike la a

4 a 8 gwo kiyè pa jou.

Sereyal ki pa sikre, ki melanje, epi ki gen anpil pwoteyin.

Pen griye sèk, bonbon sèl, pen, bagel, ti pen, oswa ponmkèt san melanj.

Diri ak makawoni ki kuit.

Spoon

Legim Klike la a

8 a 12 gwo kiyè pa jou.

Ti moso legim ki kuit.

Spoon

Fwi Klike la a

8 a 12 gwo kiyè pa jou.

Fwi fre, ki kale, epi ki an ti moso.

Spoon

Pwoteyin Klike la a

4 a 8 gwo kiyè pa jou.

Vyann, vyann bèt volay, ze, pwason ki moulen fen, rache, oswa koupe an kib, oswa pwa kraze ki kuit.

Spoon

Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt mwen.

Manje maten

3 gwo kiyè franbwaz ki koupe an kib

Breakfast Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

2 gwo kiyè sereyal sèch

Manje midi

3 gwo kiyè pèch nan bwat konsèv ki koupe an kib epi ki pa sikre

4 gwo kiyè bwokoli kuit ki koupe an kib

lunch Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

3 gwo kiyè somon ki nan bwat konsèv

Ti goute

4 gwo kiyè sòs pòm

3 gwo kiyè kawòt rache ki kuit

snacks Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

4 bonbon sèl konplè

Manje aswè

3 gwo kiyè legim melanje ki kuit

dinner Dish

Lèt manman oswa lèt nan bwat

3 gwo kiyè makawoni rache ki kuit

3 gwo kiyè pwa pinto kuit ki kraze

Konsèy

Konsèy

Konsèy

Tips

Fason pou bay tibebe a lèt manman ak lèt nan bwat:

Lèt manman oswa lèt nan bwat se tout sa tibebe w la bezwen pandan sis (6) premye mwa yo nan lavi l. Sistèm dijestif tibebe w la pa pare pou l resevwa okenn lòt bagay toutotan l poko gen 6 mwa anviwon.

Nouri tibebe w la lè l mande w, lè li montre siy ki di li grangou, tankou lè l souse men l oswa bat bouch li. Sispann nouri li lè l montre siy ki di vant li plen, tankou lè l vire tèt li, lache men l, oswa dòmi pran li.

Si se nan bibwon ou nouri li, ba li yon ti kantite alafwa. Kenbe tibebe a nan yon pozisyon ki prèske vètikal pandan w ap sipòte tèt li ak kou l. Pinga ou soutni bibwon an. Kenbe bibwon an nan yon pozisyon plat, sou kote yon fason pou tetin nan plen lèt a mwatye. Kole tetin lan nan machwè oswa nan po bouch anlè tibebe a epi tann li ouvri bouch li laj. Pinga ou fòse bibwon an. Lè tibebe a pran bibwon an, pa kage l pa dèyè epi pa panche bibwon an anlè. Siveye lè tibebe a pran poz epi bese bibwon an yon fason pou tetin nan ka vid men pou l rete nan bouch li pou ba li kèk poz. Si tibebe a sispann souse, li vire tèt li, oswa dòmi pran li, retire bibwon an nan bouch li. Pinga ou janm fòse tibebe w la fin bwè yon bibwon.

American Academy of Pediatrics rekòmande pou manman yo bay tibebe yo tete sèlman pandan premye sis (6) mwa yo epi pou yo kontinye bay tete pandan 2 lane oswa plis, si manman yo ak tibebe yo vle.

Infant Feeding Guide

Fason pou bay gwo manje:

Tann pou bay tibebe w la gwo manje lè:

  • Li kapab leve chita epi kenbe tèt li poukont li.
  • Li ouvri bouch li lè l wè manje.
  • Li kapab fèmen yon kiyè nan bouch li.

Eseye yon nouvo manje alafwa pou ka siveye alèji yo.
Alèji ak manje ka gen ladan l souf anlè, gratèl, oswa dyare.

Tibebe ki poko gen yon (1) lane yo PA ta dwe konsome siwo myèl, lèt bèf oswa lòt bwason ki pa pwodui lèt, oswa manje ki kapab lakoz yon trangle tankou fwi sèk oswa rezen antye.

Tout bebe yo diferan.
Pale avèk Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) oswa pwofesyonèl swen sante tibebe w la sou bezwen tibebe w la genyen yo.

Premye Siyal yo

  • Mwen Grangou klike la a
  • Vant mwen plen klike la a

Mwen Grangou klike la a

  • Stirring
    L ap bouje
  • Mouth opening
    Bouch li ap louvri
  • Turning head seeking/rooting
    L ap vire tèt li pou l chèche pwent tete a

Vant mwen plen klike la a

  • Sucking slows or stops
    L ap souse tou dousman oswa li sispann souse
  • Hands/arms relax
    Men l oswa bra l lage
  • Turns or pushes away
    Li vire do l oswa li pouse kò l

Fason pou Fouye Tibebe a nan Manba:

Selon rechèch yo, lè ou eseye bay yon tibebe manba, sa ka pèmèt li evite fè alèji ak pistach pi devan nan lavi l. Li kapab sitou enpòtan pou fanmi ki fè alèji ak manje oswa alèji ki gen rapò ak ze, tankou egzema oswa lòt pwoblèm po. Pale avèk doktè tibebe w la pou konnen fason pou fouye li nan manba si fanmi ou gen youn nan pwoblèm sante sa yo.

Fouye tibebe w la nan manba lè li gen anviwon 6 mwa, lè li fin goute lòt gwo manje yo. Siveye tibebe w la pandan de (2) èdtan pou wè si l ap fè yon reyaksyon apre li fin goute li.

Melanje manba a avèk dlo, lèt nan bwat, lèt manman, oswa manje::

  • 2 ti kiyè manba fen avèk 2 a 3 ti kiyè dlo, lèt nan bwat, oswa lèt manman tyèd. Kite l refwadi anvan w ba li l.
  • Melanje 2 ti kiyè manba nan 2 a 3 gwo kiyè manje tankou sereyal tibebe oswa fwi, legim, vyann poul ki pire, oswa tofou.
  • Mete yon vyepti kouch manba sou yon bonbon sèl oswa yon ti baton pen griye.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.

wic.in.gov

Logo for Indiana WIC, a supplemental nutrition program for women, infants, and children.

Kontakte Nou

2 North Meridian Street, 5th Floor Indianapolis, Indiana 46204
800-522-0874
wic.in.gov

Jwenn Plis Enfòmasyon

  • Fason pou Aplike
  • Manje ki Apwouve
  • Jwenn yon Klinik

Resous

Sipo pou Aletman WIC
  • Aplikasyon Android INWIC
  • Aplikasyon Apple INWIC
  • Indiana WIC on Facebook
  • Indiana WIC on Instagram

Enstitisyon sa a se yon founisè menm opòtinite pou tout moun.

Cookie PolicyPrivacy Policy

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent

    ×
    If you are using multiple emails, separate them with commas.

      Communication Preferences

      ×
      Download
      Feed Popup
      Explore helpful infographics for newborns.
      Side Lying Hold

      Side-Lying Hold

      1. For the right breast, lie on your right side with your baby facing you.
      2. Pull your baby close. Your baby’s mouth should be level with your nipple.
      3. In this position, you can cradle your baby’s back with your left arm and support yourself with your right arm and/or pillows.
      4. Keep loose clothing and bedding away from your baby.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You want to rest while baby feeds
      • You are breastfeeding in the middle of the night
      • You and your baby are comfortable in this position
      Cross Cradle Hold

      Cross-Cradle Hold

      1. For the right breast, use your left arm to hold your baby’s head at your right breast and baby’s body toward your left side. A pillow across your lap can help support your left arm.
      2. Gently place your left hand behind your baby’s ears and neck, with your thumb and index finger behind each ear and your palm between baby’s shoulder blades. Turn your baby’s body toward yours so your tummies are touching.
      3. Hold your breast as if you are squeezing a sandwich. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      4. As your baby’s mouth opens, push gently with your left palm on baby’s head to help them latch on. Make sure you keep your fingers out of the way.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby is premature
      • Your baby has a weak suck
      • Your baby needs help to stay latched
      • Your baby needs extra head support
      • You and your baby are comfortable in this position
      Football Hold

      Clutch or “Football” Hold

      1. For the right breast, hold your baby level, facing up, at your right side.
      2. Put your baby’s head near your right nipple and support their back and legs under your right arm.
      3. Hold the base of your baby’s head with your right palm. A pillow underneath your right arm can help support your baby’s weight.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Bring baby to you instead.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You have large breasts
      • You have flat or inverted nipples
      • You have a strong milk let-down
      • You are breastfeeding twins
      • Your baby likes to feed in an upright position
      • Your baby has reflux
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Cradle Hold

      1. For the right breast, cradle your baby with your right arm. Your baby will be on their left side across your lap, facing you at nipple level.
      2. Your baby’s head will rest on your right forearm with your baby’s back along your inner arm and palm.
      3. Turn your baby’s tummy toward your tummy. Your left hand is free to support your breast, if needed. Pillows can help support your arm and elbow.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby needs help latching on
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Laid-Back Hold

      1. Lean back on a pillow with your baby’s tummy touching yours and their head at breast level. Some moms find that sitting up nearly straight works well. Others prefer to lean back and lie almost flat.
      2. You can place your baby’s cheek near your breast, or you may want to use one hand to hold your breast near your baby. It’s up to you and what you think feels best.
      3. Your baby will naturally find your nipple, latch, and begin to suckle.

      This hold is useful when:

      • Your baby is placed on your chest right after birth
      • You have a strong milk let-down
      • You have large breasts
      • You and your baby are comfortable in this position