Mwen bezwen èd ou pou mwen aprann manje byen epi goute nouvo manje!
Demi (½) – 1 tas pa jou
Fwi ki kuit oswa ki mou epi ki kri.
Kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.
Detyè (2/3) – 1 tas pa jou
Legim ki kuit epi ki kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.
1 ons ¾ – 3 ons pa jou
Vyepti moso.
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
1 ons ¾ – 3 ons pa jou
Vyepti moso.
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
2 ons pa jou
Vyann, vyann bèt volay oswa pwason ki kuit epi rache.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
2 ons pa jou
Vyann, vyann bèt volay oswa pwason ki kuit epi rache.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
1 2/3 – 2 tas pa jou
Lèt manman (nan tete a oswa ki tire) oswa lèt antye.
Yogout.
Fwomaj.
1 2/3 – 2 tas pa jou
Lèt manman (nan tete a oswa ki tire) oswa lèt antye.
Yogout.
Fwomaj.
Mwen renmen kouri, sote, epi monte sou bagay. Siveye m lè m ap jwe pou m pa pran chòk.
Mwen renmen chèche konnen. Mwen louvri pòt ak tiwa pou m ka wè. Kite mwen aprann. Men, ban m pwoteksyon.
Tanpri PINGA ou ban mwen manje ki ka trangle mwen tankou nwa antye, rezen antye, grenn, òtdòg, oswa sirèt ki di.
Fòk mwen fè tchèkòp epi pran vaksen pou m rete an sante. Mwen ta dwe al kay doktè lè m gen 18 mwa, 15 mwa, epi 2 lane. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè mwen dwe pran vaksen.
Si mwen poko wè dantis, pran premye randevou pou mwen. Dan mwen ta dwe bwose de (2) fwa pa jou. Mande dantis la ki jan pou kenbe dan mwen an sante.
Jwe avèk mwen pou ede m rete aktif. Si gen moman pou m devan ekran, limite l pou ka entèyaji avèk mwen.
Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.
Side-Lying Hold
This hold is useful when:
Cross-Cradle Hold
This hold is useful when:
Clutch or “Football” Hold
This hold is useful when:
Cradle Hold
This hold is useful when:
Laid-Back Hold
This hold is useful when: