Mèsi paske w ede mwen aprann rete an sante.
M ap gen 5 lane anvan lontan, men mwen rete anpil bagay pou m fè. Ede mwen kenbe kò mwen an sante.
Mwen pa kapab ni reflechi ni tande lè m grangou. Manje maten an ban mwen fòs pou m aprann. An n planifye manje maten an ansanm. Nou kapab ranje tab la avèk yon bwat sereyal, bòl, ak kiyè. Nan maten, nou kapab mete lèt la ak fwi yo deyò. Manje maten an kapab fèt fasil!
3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)
Fwi ki kuit oswa ki mou epi ki kri.
Kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.
3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi a 2 tas antou)
Legim kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.
8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout
Fwomaj.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout
Fwomaj.
Mennen mwen kay doktè pou m al fè tchèkòp. Nou kapab wè jan mwen grandi. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè mwen dwe pran vaksen.
Raple m pou mwen bwose dan mwen epi pase fil nan dan mwen chak jou. Mennen mwen kay dantis la pou fè li verifye dan mwen.
Lè nou lave men nou, sa ede nou rete an sante. Nou ta dwe lave yo souvan ak dlo tyèd ak savon pandan omwen 20 segonn.
Mwen bezwen prensip ki senp. Fikse limit pou konnen ki lè, ki kote, ak chak ki lè pou nou devan ekran. Pale de sa m ap aprann pandan nou ap gade ansanm, epi pwoteje mwen kont sa mwen pa ta dwe wè. An n konsantre nou youn sou lòt pandan repa ak ti goute yo, an n bliye ekran an.
Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.
Side-Lying Hold
This hold is useful when:
Cross-Cradle Hold
This hold is useful when:
Clutch or “Football” Hold
This hold is useful when:
Cradle Hold
This hold is useful when:
Laid-Back Hold
This hold is useful when: