Infographic Available*
Bonjou Lemonn
Mwen se tibebe cheri w la. Ou se tout bagay pou mwen.
Tanpri ede mwen vin djanm nan kò m, kè m, ak lespri m. Mwen grandi pi byen lè:
- Ou kenbe mwen nan bra w oswa chouchoute mwen. Mwen santi m an sekirite nan bra ou.
- Souri ban mwen epi pale ak mwen. Mwen aprann anpil bagay nan men w.
- Koute mwen lè m ap "pale" avè w. Mwen itilize mouvman kò mwen epi m fè bri pou mwen di w mwen grangou, vant mwen plen, mwen pa alèz, oswa mwen jis fatige.
Lèt manman oswa lèt nan bwat pou tibebe ki gen fè ladan l se tout sa mwen bezwen pou m grandi epi devlope pandan sis (6) premye mwa yo.
Alètman
Ou Genyen Sa Mwen Bezwen Pou Mwen Grandi.
- Li genyen tout nitriman ki nesesè pou pèmèt mwen rete an sante pou m pa malad.
- Lèt ki nan tete w la chanje ofiyamezi m ap grandi. Plis alètman an long, se plis li bon.
Lèt nan Bwat
Si m bwè lèt nan bwat, li enpòtan pou melanje engredyan yo nan bon fason an. Suiv enstriksyon ki sou bwat la pou fè melanj lan.
Toujou mete dlo a nan bibwon an anvan, apresa mete lèt an poud la.
Toujou itilize mezirèt ki vini nan bwat lèt la. Asire w li nivo.
Itilize lèt ou prepare a nan espas 2 èdtan apre w fin prepare l. Si w pa p itilize l nan espas 2 èdtan apre w fin prepare l, konsève l nan frijidè epi itilize l nan espas 24 èdtan.
Depi m kòmanse bwè l epi m pa fini, jete sa ki rete nan bibwon an apre 1 èdtan.
Alètman nan Bibwon ki Mezire
- Kòmanse ofri mwen yon ti kantite alafwa, sa vle di 2 a 3 ons lèt manman oswa lèt nan bwat.
- Kite mwen kontwole jan pou mwen bwè nan bibwon an.
- Fè m konfyans, m ap konnen lè vant mwen plen. Tanpri pa fòse m fin bwè yon bibwon lèt.
- Konsève bibwon ou prepare yo nan yon frijidè jiskaske ou pare pou ban mwen yo epi itilize yo nan espas 24 èdtan.
- Pinga ou janm pase lèt manman an ni lèt nan bwat la nan fou mikwowonn. "Kote ki cho" yo ap boule bouch mwen. Wouch! Chofe bibwon mwen yo nan dlo cho pito.
Mwen Bezwen Kontak Ou
Kenbe m lè w ap ban m tete oswa bibwon.
Mwen santi m an sekirite avèk ou epi m renmen gade vizaj ou.
Mwen Bezwen Manje Souvan*
Vant mwen piti.
Vant mwen kapab pran anviwon 2 a 3 ons alafwa.
Mwen ap anvi manje 8 a 12 fwa pa jou.
Ban m bibwon chak 1 èdtan edmi (½) a 3 èdtan.


Gade epi pataje Enfografik sou Konte Kouchèt Tibebe ki nan Tete a
Vant mwen kapab pran anviwon 4 a 6 ons alafwa.
Mwen ap anvi manje 6 a 8 fwa pa jou.
Pa bliye, tout bebe yo diferan. Mwen ka manje kantite ki diferan chak jou k ap pase. Ofiyamezi m ap grandi epi vant mwen ap gwosi, mwen ka manje mwens souvan, men mwen kapab manje plis chak fwa w ap nouri mwen.
Chèche Siyal Mwen Yo
Mwen itilize mouvman kò m epi mwen fè bri pou m fè w konnen sa m bezwen. Si w chèche siy sa yo, ou kapab reponn mwen anvan mwen tonbe kriye. Li pi fasil pou nouri m lè mwen kalm.
"Mwen Grangou"
Lè mwen kòmanse grangou, mwen gendwa:
- Mete men nan bouch mwen oswa toupre bouch mwen
- Bouje bra m ak janm mwen
- Fè bri souse
- Bat bouch mwen oswa bouje lang mwen
- Vire tèt mwen oswa chèche pwent tete a
"Vant Mwen Plen"
Men sa m ka fè lè vant mwen plen:
- Mwen ka souse pi lan oswa sispann souse
- Mwen ka lache men m ak bra m
- Mwen ka vire do bay pwent tete a
- Mwen ka repouse pwent tete a
- Dòmi ka pran m
- Mwen ka mare min mwen, fè tapaj, oswa tire pye si w kontinye ban m tete
Pouse Kwasans
Ofiyamezi m ap grandi, woutin mwen ka chanje, epi mwen ka anvi manje ak dòmi plis pase jan m abitye dòmi. Yo rele sa pouse kwasans.
Tout tibebe diferan, men pouse kwasans mwen ka rive lè mwen gen anviwon laj:
2 to 3 weeks
4 to 6 weeks
3 months
4 months
6 months
9 months
Epitou, kò w konnen sa mwen bezwen. Se sa ki fè li pral pwodui plis lèt pou l ka fè fas ak pouse kwasans mwen yo. Plis ou bay tete oswa ponpe lèt souvan, se plis lèt w ap pwodui.
Si mwen grangou lè m fin tete, ban mwen tete a ankò. Si mwen nan bibwon, ban mwen yon ons oswa de (2) ons ankò.
Play with me!
I’m ready to learn about you, me, and the world we live in. I want to discover what my body can do. Give me TUMMY TIME when we play. When I’m alert and relaxed, put me on a blanket on the floor. Watch how I stretch and kick my legs and move my arms. I’m making them stronger.PLAYING helps me learn, improve coordination, build strength, explore, and bond with you!
Jwe avèk mwen!
Mwen pare pou mwen aprann bagay sou ou, sou mwen, ak mond n ap viv la.
Mwen anvi dekouvri sa kò mwen kapab fè.
Mete mwen SOU VANT lè n ap jwe.
Lè je mwen klè epi m rilaks, mete m sou yon lenn atè a. Gade jan m ap detire, jan m ap tire pye epi jan m ap bouje bra m. M ap fè yo vin pi djanm.
- LÈ M JWE, sa ede m aprann, amelyore kowòdinasyon, devlope fòs mwen, eksplore, epi kreye lyen avèk ou!
Gade sa mwen kapab fè!
Mwen aprann pi byen lè kè m kontan, lè yo renmen m, ak lè m an sekirite.
Mond lan nouvo pou mwen. Li kapab fè m pè. Okòmansman, m ka kriye anpil.
- Kriye a se fason pou m di w mwen bezwen ou.
- Lè kò m kole sou kò w, mwen kalme m. Mwen aprann ou gen kè sansib.
- Lè w kenbe m nan bra w, se pa gate w ap gate m.
- Dabò, m ap dòmi, m ap reveye pou m manje, epi m ap tounen dòmi ankò souvan. Se nòmal epi sa ap ede m grandi.
- Lè mwen gen 3 mwa, mwen ka pase plis tan ap dòmi.
- Tanpri pran pasyans pandan m ap aprann.
Mwen konnen vwa ou.
- Mwen renmen tande lè w pale.
- M pase plis tan ap dòmi leswa.
- Mwen kapab kenbe tèt mwen.
- Mwen konn non mwen lè w site l.
- Mwen gazouye baba-boubou-baba!
- Mwen kapab ri.
- An n fè ti jwèt kache figi ak tape men.
- Montre mwen desen yo epi di m sa yo ye.
Pwoteje Mwen epi Kenbe Mwen An Sante
- TOUJOU mete m kouche poukont mwen sou do, epi nan bèso m oswa pak mwen. Nou kapab nan menm chanm, men pa nan menm kabann. Mwen kapab toufe si yon lenn, zorye, oswa yon jwèt kouvri figi m oswa nen m.
- Lave men w anvan w fè manje pou mwen epi anvan w ban m manje.
- Lè m fin manje, siye jansiv mwen avèk yon twal pwòp ki mou epi ki mouye, sitou anvan m kouche.
- Tann lè m gen anviwon 6 mwa pou w ban m gwo manje. Mwen bezwen tan pou m devlope sistèm defans mwen epi ranfòse misk ki nan bouch mwen yo pou m manje epi vale manje kòmsadwa. Si w ban mwen gwo manje anvan m pare, mwen ka trangle oswa malad.
- Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women (WIC, Infants and Children, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.
DON’T let me have these foods until I am at least 1 year old:
Cow’s milk or other non-dairy milks (like soy or almond milk). It’s too hard for me to digest and may cause health problems.
Honey and foods made with honey. Honey can contain bacteria that cause infant botulism, or food poisoning. These bacteria are harmless to older kids and adults.
Introducing Peanut Butter
If my healthcare provider says it is ok, let me try peanut butter around 6 months of age. Doing this might help prevent a peanut allergy as I grow older.
In the morning, mix one teaspoon of peanut butter with human milk or formula. Make it thin and easy to swallow.
Use a spoon to offer a taste of the thinned product. Wait 10 minutes, then offer more. Watch for any reaction for the next 2 hours.