Fè se yon mineral enpòtan ak esansyèl.
Fè ede ak:
- Nivo enèji
- Apeti
- Rete konsantre
- Kenbe sistèm iminitè nou an fò
- Manje repa ki rich an fè pou kenbe nivo fè ki bon pou ou!
Nou jwenn pi fò nan fè nou bezwen nan manje nou manje yo.





Vitamin C ede kò ou absòbe fè a. Mete manje ki gen Vitamin C ansanm ak manje ki gen anpil fè.
- Zoranj
- Chadèk
- Tomat
- Piman Dou
- Bwokoli
- Pòmdetè
- Frèz
- Melon
- Ji WIC apwouve
Eseye konbinezon manje ki gen Vitamin C + Fè sa yo
Sereyal WIC Ji WIC
Bonbon sèl Manba Fwi WIC
Fè pou Ti Bebe ki Pi Gran yo
| Age | Grenn |
Legim |
Pwoteyin |
|---|---|---|---|
8 a 9 Mwa |
Sereyal tibebe, pen antye, diri oswa pat alimantè. |
Bwokoli kwit, bouyi oswa kraze, pwa, chou frize ak epina. |
Pire vyann, moulen, oswa ki koupe an ti moso oswa vyann bèt volay. |
10 a 12 Mwa |
Sereyal cho, tankou farin avwàn oswa krèm ble. Si tibebe ka kenbe ak de dwèt, eseye sereyal ki gen fòm o. Pen antye san anyen sou li. Diri oswa pat alimantè san melanj. |
Moso bwokoli, epina, chou frize ak pwa kwit, bouyi, kraze oswa ti mòso piti. Pwa ka yon danje toufe si yo pa kraze. |
Vyann san grès, pwason ak vyann poul dekoupe. Ze ki kwit. Pwa kraze. |
Resèt
Ponmkèt Cheerio avek Pepit Chokola
2 tas sereyal Cheerios
1 ¼ tas farin tout izaj
1/3 tas sik wouj pal, ki anbale
1 ti kiyè bikabonat
1 ti kiyè kanèl an poud
¾ ti kiyè bikabonat
1 tas pire pòm
1/3 tas lèt san grès
2 gwo kiyè lwil vejetal
1 ze
1/3 tas pepit chokola demi-sikre minyati
- Chofe fou a alavans a 400⁰ F.
- Mete tas papye boulanjri nan 12 tas moul ponmkèt gwosè regilye.
- Mete sereyal nan sache plastik ki ka refèmen; fèmen sachè a. Sèvi ak yon woulo pou kraze sereyal la; vide nan yon gwo bòl.
- Ajoute farin, sik wouj, poud elevasyon, kannèl, ak bikabonat; melanje byen.
- Ajoute epi brase rès engredyan ki rete yo jis jiskaske l mouye.
- Divize farin lan egalman ant moul ponmkèt.
- Kwit li nan fou pandan 18 a 22 minit, oswa jiskaske l pran koulè.
- Imedyatman retire yo nan moul ponmkèt yo.
- Refwadi 5 minit anvan ou sèvi.
Kavya Texas
15 ons pwa nwa, nan bwat
15 ons mayi, nan bwat
4 tomat gwosè mwayen
1 tij zonyon vèt
1 piman dou gwosè mwayen, vèt
1 piman dou gwosè mwayen, wouj
¼ tas sòs salad italyen, ki pa gen anpil grès
1 sitwon vèt gwosè mwayen
¼ tas koryand
- Drene epi rense pwa nwa ak mayi. Koupe tomat, zonyon vèt ak piman dou. Ajoute nan yon bòl mwayen epi brase.
- Ajoute sòs salad italyen an, ji sitwon vèt la, koryand koupe, sekwe pou melanje l.
- Sèvi imedyatman oswa refwadi anvan ou sèvi l.
- Konsève nan yon veso ki fèmen nan frijidè a jiska 3 jou.
Sèvi kòm yon pla akote oswa ak chips tòtiya ki kwit nan fou. Sèvi avèk li kòm ganiti pou vyann poul oswa pwason ki kwit nan fou.
Ponmkèt Anglè Vizaj Souriyan
Ponmkèt anglè ki fèt ak ble antye
Manba
Fig mi ki kale epi ki tranche fen
Rezen sèk
Frèz, netwaye epi koupe an mwatye
Rezen, chak koupe an 4 tranch fen
Zoraj, kale epi dekoupe an seksyon
- Tranche ponmkèt an mwatye epi griye l.
- Pandan ke li toujou cho, gaye manba sou chak mwatye ponmkèt griye a.
- Mete moso fwi sou li pou kreye yon vizaj souryan. Sèvi ak tranch fig, tranch rezen, oswa rezen chèch pou je a, mwatye yon frèz pou nen an, ak yon seksyon zoranj pou bouch la.
- Sèvi ak fwi ki rete yo pou fè plis figi, oswa sèvi sou kote kòm yon salad fwi.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.