Skip to Content Skip to Footer
Indiana WIC logo
  • Alètman
    • Alètman
      Alètman ak Somèy San Danje
    • Alètman
      Alètman nan Bibwon ki Mezire
    • Alètman
      Alètman Lwa nan Eta Indiana
    • Alètman
      Konseye nan Alètman
    • Alètman
      Fason Pou Pran Swen Tèt Ou Lè Ou Fin Pèdi yon Tibebe
    • Alètman
      Kisa tibebe mwen an ap eseye di m?
    • Alètman
      Prensip pou Estoke Lèt Manman
  • Nitrisyon ak Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Apre Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Rete an Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Tibebe
    • Nitrisyon ak Sante
      Timoun
    • Nitrisyon ak Sante
      Papa
    • Nitrisyon ak Sante
      Fanmi
  • Resous WIC
    • Resous WIC
      Ti Liv Pwogram Lan
    • Resous WIC
      Elijibilite pou pwogram WIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon INWIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon Mobil INWIC Gid Referans Rapid Pou
    • Resous WIC
      Gid Kat EBT WIC
    • Resous WIC
      Lokalizasion Marse Fermie
  • Creole
    • English
    • Spanish
    • Burmese
    • hakha chin
    • Arabic

Gid Papa a pou Yon Timoun An Sante

  • Home
  • Dad’s Guide to A Healthy Child
  • Papa
  • Dad’s Guide to A Healthy Child
  • Chè Papa
  • Ede Mwen Aprann
  • Moman pou Jwe
  • An n Manje
  • Pwoteje Bèl Ti Dan Sa Yo K Ap Soti
  • Sante ak Sekirite
  • Syèj Machin pou Timoun
  • Resous pou Papa yo

h2 hide

Chè Papa,

Ou jwe yon wòl enpòtan nan devlopman kò ak lespri pitit ou a.

Kit ou wè pitit ou a chak jou kit ou ap viv nan yon lòt kay, lè w enplike ak tout fòs ou nan lavi pitit ou a, sa ap fè yon gwo diferans. Lè w prezan epi w enplike ou, sa ap pèmèt li vin tounen yon timoun ak granmoun ki pi an sante, ki gen plis kè kontan, epi ki fè plis siksè.

Kalite moman ant papa ak pitit ou pase avèk pitit ou a pi enpòtan pase kantite èdtan ou pase avèk li. Kalite relasyon ou genyen avèk pitit ou a fè enpak dirèk sou amoupwòp li.

Timoun ki grandi avèk yon papa ki enplike li:

A Plus

gen 39%

plis chans pou yo
fè nòt
A souvan nan lekòl  

Hate

2fwa

2 fwa

plis chans pou yo ale nan kolèj oswa inivèsite epi jwenn yon travay ki estab apre etid segondè yo

  • Pa konpare tèt ou ak papa w oswa lòt papa ki nan antouraj ou yo. Se OU MENM pitit ou a admire!
bac_dad-dau-reading

Ede Mwen Aprann

Timoun yo aprann lè y ap gade paran yo. Timoun ki gen yon papa ki enplike ak tout nanm li nan sa pitit li ap aprann chak jou gen plis chans pou yo:

  • pare pou yo kòmanse ale
    lekòl
  • + rezoud pwoblèm
    pi byen
  • + pi emab ak lòt
    moun

Timoun ki grandi avèk yon papa ki enplike li gen 60% mwens chans pou yo mete yo deyò oswa voye yo tounen lekòl.

Yon paran se premye pwofesè yon timoun. Ou ka pa rann ou kont, men ou jwe wòl pwofesè pou pitit ou a chak jou ak bagay senp ou fè yo.

Men fason ou kapab ede pitit ou a aprann:
  • Lè w pale de anviwònman ou pandan w ap regle aktivite w.
  • Lè w endike epi di koulè, son animal, lèt, ak chif ou wè ak tande yo.
  • Lè w ansanm avèk li pou fè aktivite chak jou yo tankou manje manje aswè, jwe deyò, fè lekti, oswa gade televizyon.
    Diminye moman nou pase devan ekran an pou n konsantre nou youn sou lòt.

Kit ou ap ankouraje l fè jwèt imijinasyon kit ou ap fè lekti pou li, lefètke nou ansanm, sa ap ede pitit ou a santi l pi kalm epi gen plis kè kontan.

Dad’s Guide to A Healthy Child

Moman pou Jwe

Timoun yo aprann lè yo jwe. An jeneral, fason papa yo jwe pa menm ak fason manman yo jwe, e se pa yon pwoblèm!

Papa yo gen tandans ankouraje jwèt ki pi fizik ki montre timoun yo jan pou yo:
  • Kontwole santiman kolè yo.
  • Ankouraje yo fè konpetisyon ak pran risk.
  • Jere kontak fizik pandan yo ap kontwole emosyon yo.

Lè w fè aktivite avèk pitit ou, sa ap pèmèt zo li yo vin pi djanm, sa ap ranfòse misk li, epi pèmèt sèvo li devlope.

Men kèk aktivite amizan pou fè avèk pitit ou a:
  • Fè jwèt ki fè l aktif tankou lago kache, lago, jwèt "Simon Says", oswa fè yon kous.
  • Al monte bisiklèt ansanm.
  • Pratike aktivite lanse oswa choute balon.
  • Ale nan pak la pou nou ka jwe sou teren jwèt la.
  • Timoun yo bezwen rete aktif pandan tout jounen an.

An n Manje

Bay timoun piti manje se yon bagay ki difisil. Li fasil pou w prezan bò tab la. Lè papa a prezan nan moman repa a, sa enpòtan pou timoun nan.

Moman repa a se yon bon moman pou aprann plis bagay sou pitit ou a. Mande pitit ou a pale de jounen l, zanmi li yo, epi mande l ki jan l santi l. Sa montre pitit ou a ou sansib pou li epi li merite tan w ak atansyon w.

Men kèk bagay ou kapab fè pou w kreye kèk souvni nan moman repa yo.
  • Manje ansanm an fanmi.
  • Fè pitit ou yo ede w fè manje. Yo kapab lave, mezire, ajoute, ak bwase engredyan yo.
  • Fòk ou se yon modèl! Manje menm bon manje ou ofri pitit ou a.
  • Chanje kote nou manje, pa egzanp, nou ka al manje nan restoran, fè piknik, oswa nou ka menm chita bò ti tab la avèk kousen pou chèz yo.
  • Kite ekran yo fèmen epi mete yo kote je p ap wè yo pou ankouraje plis konvèsasyon pandan moman repa yo.

Lè papa yo prezan oswa enplike yo, timoun yo gen

2fwa

mwens risk pou yo vin obèz.

eating

Pwoteje Bèl Ti Dan Sa Yo K Ap Soti

Sante dan gen menm enpòtans ak sante fizik. Bay koutmen pa w pou dan pitit ou a rete an sante.

  • Bwose dan li de (2) fwa pa jou (menm si l gen sèlman 1 oswa 2 dan). Mande pwofesyonèl swen sante oswa dantis pitit ou a ki kalite pat dantifris pou l itilize.
  • Tanmen yon woutin kote ou menm ak pitit ou a bwose dan nou ansanm lematen ak lè nou pral kouche. Li kapab twouve li amizan epi li kapab wè jan pou l bwose dan li fason ki apwopriye a.
  • Ba li dlo sèlman ant repa yo ak ti goute yo. Pitit ou a pa bezwen bwason ki dous tankou soda ak Kool-Aid. Limite kantite ji pitit ou a bwè chak jou.

Sante ak Sekirite

Depi yon timoun kòmanse bouje, ou gen lenpresyon li pa janm kanpe. Pitit ou a aprann fè plis bagay chak jou. Sa vle di ou gendwa oblije fè plis jefò toujou pou w pwoteje li.

  • Fè pitit ou a mete yon kas lè li kòmanse monte bisiklèt oswa twotinèt. Montre li ou se yon bon modèl epi mete kas pa w tou!
  • Toujou rete bòkote pitit ou a lè li nan dlo oswa toupre dlo, tankou douch, pisin, oswa lak.
  • Asire w pitit ou a pran tout vaksen yo rekòmande yo. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè pitit ou dwe pran vaksen. Rele doktè ou si w pa konnen ki vaksen pitit ou a bezwen.
  • Siveye pitit ou a deprè pou w pwoteje l lè li an kontak ak dlo.
Dad’s Guide to A Healthy Child

Syèj Machin pou Timoun

American Academy of Pediatrics rekòmande pou w itilize syèj machin pou timoun yo sèlman lè w ap deplase nan machin. Li rekòmande pou w retire tibebe w la sou syèj la lè w rive kote w prale a, sitou si li nan dòmi.

  • Itilize yon syèj machin pou timoun chak lè w ap deplase, kèlkeswa distans lan.
  • Itilize yon syèj machin pou timoun selon tay ak laj pitit ou a. Ou kapab souvan jwenn enfòmasyon sa yo sou syèj la li menm.
  • Ofiyamezi pitit ou a ap grandi, paramèt, pozisyon, ak kalite syèj la ap chanje.
  • Aprann fason pou enstale syèj la kòmsadwa. Tache tibebe w la oswa pitit ou a nan bon fason an.

– Lànyè yo ta dwe sere.
– Arèt ki glise a ta dwe nan nivo anbabra a.
– Syèj machin pou timoun nan ta dwe fè yon ti mouvman lè w pouse l toude bò yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sekirite syèj machin pou timoun, ale sou:
  • https://www.cdc.gov/injury/features/child-passenger-safety/index.html
  • https://www.nhtsa.gov/vehicle-safety/car-seats-and-booster-seats
Mete pitit ou a nan yon syèj machin kote fas li bay sou dèyè jiskaske li gen omwen 2 lane. Pinga ou kouri pase nan yon syèj machin ki gen fas ki bay sou devan oswa yon syèj ki ka wose menm si ou gen yon gwo pitit.
Boy-toddler-carseat
Pinga ou janm mete timoun yo chita devan yon èbag. Èbag yo kapab touye timoun piti ki chita devan machin nan. Pinga ou janm mete yon syèj machin pou timoun fas li bay sou dèyè devan yon èbag.

Resous pou Papa yo

National Fatherhood Initiative (Inisyativ Nasyonal pou Papa)

www.fatherhood.org

National Responsible Fatherhood Clearinghouse (Biwo Enfòmasyon Nasyonal pou Papa ki Responsab)

https://www.fatherhood.gov
  • Chèche pwogram inisyativ pou papa yo nan pwogram Head Start (Lekòl Matènèl) oswa sistèm lekòl ki nan zòn ou an.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.

wic.in.gov
Logo for Indiana WIC, a supplemental nutrition program for women, infants, and children.

Kontakte Nou

2 North Meridian Street, 5th Floor Indianapolis, Indiana 46204
800-522-0874
wic.in.gov

Jwenn Plis Enfòmasyon

  • Fason pou Aplike
  • Manje ki Apwouve
  • Jwenn yon Klinik

Resous

Sipo pou Aletman WIC
  • Aplikasyon Android INWIC
  • Aplikasyon Apple INWIC
  • Indiana WIC on Facebook
  • Indiana WIC on Instagram

Enstitisyon sa a se yon founisè menm opòtinite pou tout moun.

Cookie PolicyPrivacy Policy

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent

    ×
    If you are using multiple emails, separate them with commas.

      Communication Preferences

      ×
      Download
      Feed Popup
      Side Lying Hold

      Side-Lying Hold

      1. For the right breast, lie on your right side with your baby facing you.
      2. Pull your baby close. Your baby’s mouth should be level with your nipple.
      3. In this position, you can cradle your baby’s back with your left arm and support yourself with your right arm and/or pillows.
      4. Keep loose clothing and bedding away from your baby.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You want to rest while baby feeds
      • You are breastfeeding in the middle of the night
      • You and your baby are comfortable in this position
      Cross Cradle Hold

      Cross-Cradle Hold

      1. For the right breast, use your left arm to hold your baby’s head at your right breast and baby’s body toward your left side. A pillow across your lap can help support your left arm.
      2. Gently place your left hand behind your baby’s ears and neck, with your thumb and index finger behind each ear and your palm between baby’s shoulder blades. Turn your baby’s body toward yours so your tummies are touching.
      3. Hold your breast as if you are squeezing a sandwich. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      4. As your baby’s mouth opens, push gently with your left palm on baby’s head to help them latch on. Make sure you keep your fingers out of the way.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby is premature
      • Your baby has a weak suck
      • Your baby needs help to stay latched
      • Your baby needs extra head support
      • You and your baby are comfortable in this position
      Football Hold

      Clutch or “Football” Hold

      1. For the right breast, hold your baby level, facing up, at your right side.
      2. Put your baby’s head near your right nipple and support their back and legs under your right arm.
      3. Hold the base of your baby’s head with your right palm. A pillow underneath your right arm can help support your baby’s weight.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Bring baby to you instead.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You have large breasts
      • You have flat or inverted nipples
      • You have a strong milk let-down
      • You are breastfeeding twins
      • Your baby likes to feed in an upright position
      • Your baby has reflux
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Cradle Hold

      1. For the right breast, cradle your baby with your right arm. Your baby will be on their left side across your lap, facing you at nipple level.
      2. Your baby’s head will rest on your right forearm with your baby’s back along your inner arm and palm.
      3. Turn your baby’s tummy toward your tummy. Your left hand is free to support your breast, if needed. Pillows can help support your arm and elbow.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby needs help latching on
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Laid-Back Hold

      1. Lean back on a pillow with your baby’s tummy touching yours and their head at breast level. Some moms find that sitting up nearly straight works well. Others prefer to lean back and lie almost flat.
      2. You can place your baby’s cheek near your breast, or you may want to use one hand to hold your breast near your baby. It’s up to you and what you think feels best.
      3. Your baby will naturally find your nipple, latch, and begin to suckle.

      This hold is useful when:

      • Your baby is placed on your chest right after birth
      • You have a strong milk let-down
      • You have large breasts
      • You and your baby are comfortable in this position