ANT 1 LANE AK 1 LANE EDMI (½)

h2 hide

Mwen pare pou mwen aprann manje pifò manje ou manje yo.

Mwen bezwen èd ou pou mwen aprann manje byen epi FÈ li poukont mwen

Kisa

Kijan

Kilè

Ki kote

Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt ou.

Manje maten

h4 hide

Yon ka (¼) tas kiwi ki koupe an kib
child-1-1.5-breakfast
Demi (½) tranch pen konplè griye ki koupe
yon bò (½) ze ki kuit epi ki koupe
demi tas (½) lèt manman oswa lèt antye

Manje midi

h4 hide

Demi (½) fig mi mwayen ki koupe an tranch
demi (½) tas pwa vèt ki kuit epi rache
child-1-1.5-lunch
Yon ka (¼) tas diri konplè ki kuit
demi (½) tas lèt manman oswa lèt antye

Ti goute

h4 hide

child-1-1.5-snacks
Demi (½) tas sereyal sèch
2 a 3 bonbon sèl konplè ki gen fwomaj
demi (½) tas mitiy ki rache
dlo ant repa ak ti goute yo

Manje aswè

h4 hide

Yon ka (¼) frèz ki koupe an kib
demi (½) tas pwa kraze
child-1-1.5-dinner
Yon ka (¼) tas pat alimantè konplè ki kuit
2 gwo kiyè vyann poul ki kuit nan fou epi ki rache
demi (½) tas lèt manman oswa lèt antye

Kantite yo Sijere Chak Jou pou Gwoup Manje yo

Fwi

Demi (½) – 1 tas pa jou

Fwi ki kuit oswa ki mou epi ki kri.

Kraze, tranche, oswa rache.

Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.

Legim

Detyè (2/3) – 1 tas pa jou

Legim ki kuit epi ki kraze, tranche, oswa rache.

Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.

Grenn

1 ons ¾ – 3 ons pa jou

Vyepti moso.

Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.

Sereyal sèch oswa kuit.

Grenn

1 ons ¾ – 3 ons pa jou

Vyepti moso.

Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.

Sereyal sèch oswa kuit.

Pwoteyin​

2 ons pa jou

Vyann, vyann bèt volay oswa pwason ki kuit epi ki rache.

Ze.

Pwa, oswa pwa frans ki kuit epi ki kraze.

Manba.

Pwoteyin

2 ons pa jou

Vyann, vyann bèt volay oswa pwason ki kuit epi ki rache.

Ze.

Pwa, oswa pwa frans ki kuit epi ki kraze.

Manba.

Pwodui lèt

1 2/3 – 2 tas pa jou

Lèt manman (nan tete a oswa ki tire) oswa lèt antye.

Yogout.

Fwomaj.

Pwodui lèt​

1 2/3 – 2 tas pa jou

Lèt manman (nan tete a oswa ki tire) oswa lèt antye.

Yogout.

Fwomaj.

Gade sa mwen kapab fè!

baby-dad

Pwoteje mwen epi kenbe mwen an sante.

Tanpri PINGA ou ban mwen manje ki ka trangle mwen tankou nwa antye, rezen antye, grenn, òtdòg, oswa sirèt ki di.

Fòk mwen fè tchèkòp epi pran vaksen pou m rete an sante. Mwen ta dwe al kay doktè lè m gen 12 mwa, 15 mwa, epi 18 mwa. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè mwen dwe pran vaksen.

Bwose dan mwen de (2) fwa pa jou avèk yon ti bwòsdan ki soup epi ak yon vyepti kal pat dantifris pou timoun, ki gwosè yon grenn diri. Pran yon randevou pou ale kay dantis avèk mwen.

Jwe avèk mwen pou ede m rete aktif. Si gen moman pou m devan ekran, limite l pou ka entèyaji avèk mwen.

Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.