h2 hide
M ap grandi anfòm.
Mèsi paske w ede mwen aprann rete an sante.
M ap gen 5 lane anvan lontan, men mwen rete anpil bagay pou m fè. Ede mwen kenbe kò mwen an sante.
- Montre mwen chwazi manje ki bon pou lasante. Mwen pral lekòl byento kote m pral oblije fè chwa. Si ti zanmi mwen yo mande m, m ap ka di yo poukisa mwen chwazi manje m chwazi yo.
- Ede m aprann ekilibre manje yo. Si mwen pran krèm glase, aprann mwen mete frèz fre sou tèt li, se pa siwo chokola.
- An n goute yon nouvo manje yon fwa pa semèn. Mwen kapab chwazi yon nouvo fwi oswa legim nan makèt la nou ap prepare ansanm.
- Mwen vle fèmen televizyon an pou m ka jwe. Nou kapab danse sou mizik la, fè jwèt atrape, pwomennen (menm anndan kay la). An n fè sanblan. Mwen kapab se yon zwazo k ap bat zèl mwen, oswa mwen kapab kouri tankou yon chwal.
Mwen Kòmanse Jounen Mwen ak Manje Maten
Mwen pa kapab ni reflechi ni tande lè m grangou. Manje maten an ban mwen fòs pou m aprann. An n planifye manje maten an ansanm. Nou kapab ranje tab la avèk yon bwat sereyal, bòl, ak kiyè. Nan maten, nou kapab mete lèt la ak fwi yo deyò. Manje maten an kapab fèt fasil!
Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt mwen.
Manje maten
h4 hide
1 ti fig mi ki tranche,
demi (½) tas dlo
1 tas sereyal konplè avèk
1 tas lèt ki gen tikal grès
Manje midi
h4 hide
Yon bò (½) zoranj ki tranche,
demi (½) tas konkonm ki koupe,
1 tas lèt ki gen tikal grès
Yon (1) gwo kiyè konfiti ki fèt ak fwi sou
2 tranch pen konplè
avèk 2 gwo kiyè manba
Ti goute
h4 hide
Demi (½) tas frèz ki koupe an kib avèk
demi (½) tas yogout ki gen tikal grès,
5 ti kawòt ki tranche avèk
yon ka (¼) tas pwa chich kraze,
2 oswa 3 bonbon sèl konplè
avèk 1 baton fwomaj ki koupe an kat an longè Rezen
sèk nan 1 ti bonbon avwàn,
dlo ant repa yo ak ti goute yo
Manje aswè
h4 hide
Demi (½) gwo tas frèz ki tranche,
1 tas salad vèt ki melanje avèk 1 gwo kiyè sòs salad,
demi (½) tas dlo
Demi (½) tas pat alimantè konplè ki kuit,
3 gwo kiyè vyann poul ki kuit nan fou epi ki rache,
2 oswa 3 kib fwomaj
Kantite yo Sijere Chak Jou pou Gwoup Manje yo
3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)
Fwi ki kuit oswa ki mou epi ki kri.
Kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.
3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi a 2 tas antou)
Legim kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.
8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout
Fwomaj.
Pwodui lèt
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout
Fwomaj.
Gade sa mwen kapab fè!
- Mwen kapab manje avèk fouchèt ak kiyè epi siye bouch mwen ak men mwen avèk yon napkin.
- Mwen renmen desinen ak kreye bagay. An n fè yon desen avèk gwoup manje yo sou li.
- Mwen renmen fè lekti. An n ale nan bibliyotèk la pou n prete kèk liv.
- Mwen kapab tann tou pa m. An n fè jwèt suiv chèf la!
- Mwen kapab bay koutmen. Mwen ap ranje tab la pou n manje epi m ap siye l lè nou fin manje.
Pwoteje mwen epi kenbe mwen an sante.
Mennen mwen kay doktè pou m al fè tchèkòp. Nou kapab wè jan mwen grandi. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè mwen dwe pran vaksen.
Raple m pou mwen bwose dan mwen epi pase fil nan dan mwen chak jou. Mennen mwen kay dantis la pou fè li verifye dan mwen.
Lè nou lave men nou, sa ede nou rete an sante. Nou ta dwe lave yo souvan ak dlo tyèd ak savon pandan omwen 20 segonn.
Mwen bezwen prensip ki senp. Fikse limit pou konnen ki lè, ki kote, ak chak ki lè pou nou devan ekran. Pale de sa m ap aprann pandan nou ap gade ansanm, epi pwoteje mwen kont sa mwen pa ta dwe wè. An n konsantre nou youn sou lòt pandan repa ak ti goute yo, an n bliye ekran an.
Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.