Alètman nan Bibwon ki Mezire

  • Home
  • Paced Feeding

Kisa alètman nan bibwon ki mezire a ye?

Alètman nan bibwon ki mezire a se yon fason pou bay lèt nan bibwon ki pèmèt tibebe w la kontwole jan pou li bwè nan bibwon an. Lè w kite tibebe w la gen plis kontwòl, sa fè li evite bwè twòp lèt epi sa pèmèt li diminye risk pou li deranje. Alètman nan bibwon ki mezire a pèmèt tibebe w la pran souf li tou epi li redui
risk pou li trangle. Alètman nan bibwon ki mezire a rekòmande pou nenpòt tibebe ki resevwa bibwon, kit li bwè lèt sèlman nan bibwon, oswa nan tete ak nan bibwon.

Kijan pou fè alètman nan bibwon ki mezire a?

Etap 1

Chwazi yon bibwon ki gen yon tetin ki koule lan.

Etap 2

Kenbe tibebe w la nan yon pozisyon ki prèske vètikal pandan w ap sipòte tèt li ak kou l. Pa janm soutni bibwon  yon tibebe.

Etap 3

Kenbe bibwon an nan yon pozisyon plat, sou kote, yon fason pou tetin nan plen lèt a mwatye sèlman.

Etap 4

Pa fòse tetin nan antre nan bouch tibebe a. Kole tetin lan nan machwè oswa po bouch anlè tibebe a epi tann bouch tibebe a ouvri laj. Lè tibebe a pran bibwon an, pa kage li pa dèyè epi pa panche bibwon an anlè.

Etap 5

Siveye tibebe w la pou wè si l sispann souse ak vale. Sa varye soti nan yon tibebe ale nan yon lòt, donk fè menm bagay ak tibebe w la.

Etap 6

Si w wè tibebe w la ap fè bri lè l ap vale, je li kale, li ekate dwèt li, l ap trangle, lèt ap koule nan kwen bouch li, sa vle di li bezwen pran yon poz. Annik bese bibwon an yon fason pou tetin nan ka vid men pou l rete nan bouch li. Retounen bibwon an nan yon pozisyon plat, sou kote, lè tibebe a kòmanse souse toutbonvre.

Etap 7

Si tibebe w la ralanti oswa li sispann souse, li pouse oswa vire tèt li, oswa dòmi pran li, sa vle di li lè pou retire bibwon an nan bouch li.

Paced Bottle Feeding by The Milk Mob

Bay bibwon

Aktivite bay bibwon an ta dwe dire 15 a 30 minit, epi tibebe a ta dwe rete rilaks epi kontwole jan l ap pran bibwon an.

Konfyans

Fè tibebe w la konfyans pou l konnen lè vant li plen. Pinga w fòse tibebe w la fin bwè yon bibwon.

Rann gaz

Fè tibebe w la rann gaz pandan l ap bwè lèt epi apre l fin bwè lèt pou evite l vomi.

Bay bibwon

Aktivite bay bibwon an ta dwe dire 15 a 30 minit, epi tibebe a ta dwe rete rilaks epi kontwole jan l ap pran bibwon an.

Konfyans

Fè tibebe w la konfyans pou l konnen lè vant li plen. Pinga w fòse tibebe w la fin bwè yon bibwon.

Rann gaz

Fè tibebe w la rann gaz pandan l ap bwè lèt epi apre l fin bwè lèt pou evite l vomi.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou alètman nan bibwon ki mezi, kontakte biwo Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) Indiana ki nan zòn ou an.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.