h2 hide
Mwen se yon tikatkat.
Mwen aprann lè nou manje ansanm.
I learn when we eat together.
Manje an fanmi an ede mwen grandi nan plizyè mannyè. Mwen aprann jan pou m pale, jan pou m konpòte m nan sosyete, epi mwen manje pi byen lè nou manje ansanm. An n chita ansanm pou nou manje an fanmi pi souvan nou kapab.
Men kèk fason ou ka rann aktivite manje an fanmi an agreyab:
- Fè yon poze sou ekran yo ak lòt distraksyon yo pou nou kapab konsantre nou sou fanmi an. Fèmen televizyon, òdinatè, ak telefòn yo.
- Kite mwen sèvi tèt mwen. Aprann mwen pran ti kantite anvan. Fè mwen konnen mwen kapab pran ankò si mwen toujou grangou.
- Pale avèk mwen sou sijè ki pozitif oswa ki net tankou sa mwen te fè, avèk ki moun mwen te pale, epi sa mwen te aprann jou sa a.
- Kite mwen manje nan pwòp rit mwen epi nan fason pa mwen. Tanpri pran pasyans avèk mwen.
- Mwen debouye m pi byen avèk yon woutin epi avèk limit. Ofri mwen repa ak ti goute chak 2 a 3 èdtan apepre nan menm lè yo chak jou. Mwen debouye m pi byen lè mwen gen plizyè chwa. Pa egzanp, lè m ap pran ti goute a, ou kapab mande mwen si mwen pa ta renmen manje pèch oswa frèz.
- Dlo se tout sa mwen bezwen ant repa yo ak ti goute yo.
- Ban mwen prensip ki senp epi ki klè ki fonksyone pou ou ak mwen. Se pou respekte prensip yo pou mwen konnen sa pou m atann.
- Mwen kapab sal tout kò m lè m ap aprann manje, men pa kite m fè l toutespre. Mwen pa ta dwe ni jete ni lage manje atè a. Si mwen fè sa, mwen petèt pa grangou epi ou pa ta dwe kite mwen chita bò tab la.
Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt mwen.
Manje maten
h4 hide
Yon ka (¼) tas pèch ki rache
demi (½) tas lèt ki gen tikal grès
1 tranch pen konplè griye dore ki koupe
Manje midi
h4 hide
Yon ka (¼) tas mitiy ki rache
demi (½) tas kawòt ki kuit epi rache
Yon ka (¼) kesadiya
avèk fwomaj
2 gwo kiyè vyann poul ki kuit nan fou epi ki rache
demi (½) tas dlo
Ti goute
h4 hide
Demi (½) tas sereyal sèch avèk
demi (½) tas lèt ki gen tikal grès
yon ka (¼) tas papay kraze avèk
demi (½) tas yogout ki gen tikal grès
demi (½) tas piman dou ki tranche
dlo ant repa yo ak ti goute yo
Manje aswè
h4 hide
1 tranch melon mwayen ki koupe
demi (½) tas eskwach ki kuit epi ki koupe
demi (½) tas lèt ki gen tikal grès
Demi (½) tas diri konplè ki kuit
yon ka (¼) tas pwa nwa ki kuit
Kantite yo Sijere Chak Jou pou Gwoup Manje yo
2 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas antou)
Fwi ki kuit oswa ki mou epi ki kri.
Kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.
2 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas antou)
Legim ki kri oswa ki kuit, kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.
6 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(3 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
6 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(3 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
2 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(2 ons antou)
Vyann, vyann bèt volay oswa pwason ki kuit epi rache.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
2 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(2 ons antou)
Vyann, vyann bèt volay oswa pwason ki kuit epi rache.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
Pwodui lèt
4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
Gade sa mwen kapab fè!
- Mwen kapab kouri epi jwe avèk lòt moun. An n chèche fason pou n fè aktivite ansanm pandan tout jounen an.
- Mwen kapab bay kout men nan travay senp yo, tankou ranje jwèt yo. Tanpri felisite m pou travay mwen!
- Mwen aprann anpil nan fè jwèt ki salisan. Mwen kapab melanje, vide, brase, epi fè fòm yo. Kite mwen eksplore sab, ajil, ak jwèt nan dlo.
- Mwen renmen chante. Aprann mwen chanson tankou "Old McDonald" ak "The Wheels on the Bus".
- Lè n ap fè lekti ansanm, mwen gendwa kòmanse fè lekti pou ou oswa rakonte w yon istwa avèk imaj ki nan liv la.
Pwoteje mwen epi kenbe mwen an sante.
Pa mete bagay ki danjere tankou chodye ak kaswòl cho, pil, medikaman, detèjan, ak nenpòt bagay ki ka trangle mwen kote pou m jwenn yo.
Mennen mwen kay doktè pou m al fè tchèkòp. Nou kapab wè jan mwen grandi. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè mwen dwe pran vaksen.
Mennen mwen kay dantis la pou fè li verifye dan mwen. Ede mwen bwose dan mwen omwen de (2) fwa pa jou avèk yon ti bwòsdan ki soup epi ak yon vyepti kal pat dantifris. Montre mwen jan pou m krache kim pat dantifris la.
Fòk nou lave men nou souvan. Montre mwen jan pou m lave men mwen ak dlo tyèd ak savon. Fòk mwen lave yo pandan omwen 20 segonn.
Jwe avèk mwen pou ede m rete aktif. Si gen moman pou m devan ekran, limite l pou ka entèyaji avèk mwen.
Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.