Mwen bezwen estrikti ak sipò pou m manje byen.
Pou mwen debouye m pi byen nan zafè manje a, mwen bezwen w ban mwen opsyon repa ak ti goute ki bon pou lasante. Travay pa mwen se manje.
Pa bay tèt ou pwoblèm si mwen pa vle manje yon repa oswa yon ti goute.
Di mwen ki lè ou ap ofri mwen pwochen repa oswa ti goute a.
Petèt m ap gentan grangou.
Ti goute yo ede m jwenn sa mwen bezwen pou m grandi, jwe, ak aprann. Vant mwen piti, kidonk mwen grangou chak 2 oswa 3 èdtan. Ofri mwen yon ti goute ant manje maten ak manje midi, yon ti goute ant manje midi ak manje aswè, e petèt yon ti goute anvan mwen kouche.
3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)
Fwi ki kuit oswa ki mou epi ki kri.
Kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.
3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)
Legim ki kri oswa ki kuit, kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.
6 a 8 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(3 a 4 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
6 a 8 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(3 a 4 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 4 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 4 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
Asire w koupe manje yo piti ase pou yo pa trangle mwen.
Mennen mwen kay doktè pou m al fè kèk tchèkòp.
Ede mwen bwose dan mwen de (2) fwa chak jou avèk yon ti bwòsdan ki soup epi ak yon kantite pat dantifris ki gen fliyorid ki gwosè yon grenn pwa. Montre mwen jan pou m krache kim pat dantifris la epi pase fil nan dan mwen chak jou. Mennen mwen kay dantis la pou fè li verifye dan mwen.
Fòk nou lave men nou souvan. Montre mwen jan pou m lave men mwen ak dlo tyèd ak savon. Fòk mwen lave yo pandan omwen 20 segonn, oswa tan mwen bezwen pou m chante “Row, Row, Row Your Boat”.
Jwe avèk mwen pou ede m rete aktif. Fikse limit pou konnen ki lè, ki kote, ak chak ki lè pou nou devan ekran. An n konsantre nou youn sou lòt pandan repa ak ti goute yo, an n bliye ekran an.
Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou an kapab ba w lòt resous tou.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.
Side-Lying Hold
This hold is useful when:
Cross-Cradle Hold
This hold is useful when:
Clutch or “Football” Hold
This hold is useful when:
Cradle Hold
This hold is useful when:
Laid-Back Hold
This hold is useful when: