Ant 4 Lane ak 4 Lane Edmi

h2 hide

Mwen gen 4 lane epi mwen vle fè plis bagay!

bac_mom_kids_blk_kitchen

Mwen vin gen plis konfyans nan tèt mwen. Mwen renmen eseye nouvo bagay. Se ou ki pwofesè mwen. Mwen ap eseye fè sa w fè. Donk, si w manje manje ki bon pou lasante, m ap fè l tou.

Mwen kapab ede w nan kizin nan. Mwen pran plezi nan ede w!

Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt mwen.

Manje maten

h4 hide

Demi (½) gwo tas frèz ki tranche
1 tas lèt ki gen tikal grès
Breakfast
2 ti krèp konplè avèk 1 gwo kiyè siwo

Manje midi

h4 hide

Demi (½) tas rezen ki tranche an de
demi (½) tas moso patat tranche ki kuit nan fou
4 - 4.5 Years Old
1 ti bonbon konplè
avèk yon 1 ons ti anbègè vyann kodenn
1 tas lèt ki gen tikal grès

Ti goute

h4 hide

child-4-4half-snack
Demi (½) tas konkonm ak kawòt ki tranche
avèk yon ka (¼) tas pwa chich kraze,
yon demi (½) tranch pen pita konplè mwayen ki griye
avèk yon ka (¼) tas pwa kraze ki refri,
4 oswa 6 bonbon sèl konplè
avèk 4 oswa 5 kib fwomaj,
dlo ant repa yo ak ti goute yo

Manje aswè

h4 hide

Demi (½) tas pòm tranche ki kuit nan fou,
demi (½) tas dlo
4 - 4.5 Years dinner
1 tas leti ki rape sou
1 tòtiya konplè mwayen avèk
1 ons edmi (½) vyann bèf mèg ki kuit avèk demi
(½) tas fwomaj rape

Kantite yo Sijere Chak Jou pou Gwoup Manje yo

Fwi

3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)

Fwi ki kuit oswa mou epi ki kri.

Kraze, tranche, oswa rache.

Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.

Legim

3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi a 2 tas antou)

Legim kraze, tranche, oswa rache.

Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.

Grenn

8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)

Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.

Sereyal sèch oswa kuit.

Grenn

8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)

Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.

Sereyal sèch oswa kuit.

Pwoteyin

3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)

Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.

Ze.

Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.

Manba.

Pwoteyin

3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)

Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.

Ze.

Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.

Manba.

Letye

5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)

Lèt ki gen tikal grès.

Yogout.

Fwomaj.

Letye

5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)

Lèt ki gen tikal grès.

Yogout.

Fwomaj.

Gade sa mwen kapab fè!

Mwen aprann anpil nan mwen avèk ou epi mwen aktif. Ann aktif antanke fanmi! Nou kapab:

Pwoteje mwen epi kenbe mwen an sante.

Mennen mwen kay doktè pou m al fè tchèkòp. Nou kapab wè jan mwen grandi. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè mwen dwe pran vaksen.

Mwen kapab bwose dan mwen kounye a, men voye je sou mwen lè m ap fè sa pou m pa bliye okenn dan. Mennen mwen kay dantis la pou fè li verifye dan mwen.

Raple m pou mwen lave men mwen souvan. Lè mwen lave men mwen, li ede m rete an sante. Mwen ta dwe lave yo ak dlo tyèd ak savon pandan 20 segonn.

Jwe avèk mwen pou ede m rete aktif. Fikse limit pou konnen ki lè, ki kote, ak chak ki lè pou nou devan ekran. An n konsantre nou youn sou lòt pandan repa ak ti goute yo, an n bliye ekran an.

Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.