Mwen vin gen plis konfyans nan tèt mwen. Mwen renmen eseye nouvo bagay. Se ou ki pwofesè mwen. Mwen ap eseye fè sa w fè. Donk, si w manje manje ki bon pou lasante, m ap fè l tou.
Mwen kapab ede w nan kizin nan. Mwen pran plezi nan ede w!
3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)
Fwi ki kuit oswa mou epi ki kri.
Kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.
3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi a 2 tas antou)
Legim kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.
8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
8 a 10 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(4 a 5 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, oswa makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
3 a 5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 5 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
Mwen aprann anpil nan mwen avèk ou epi mwen aktif. Ann aktif antanke fanmi! Nou kapab:
Mennen mwen kay doktè pou m al fè tchèkòp. Nou kapab wè jan mwen grandi. Ale sou www.cdc.gov/vaccines/schedules pou wè ki lè mwen dwe pran vaksen.
Mwen kapab bwose dan mwen kounye a, men voye je sou mwen lè m ap fè sa pou m pa bliye okenn dan. Mennen mwen kay dantis la pou fè li verifye dan mwen.
Raple m pou mwen lave men mwen souvan. Lè mwen lave men mwen, li ede m rete an sante. Mwen ta dwe lave yo ak dlo tyèd ak savon pandan 20 segonn.
Jwe avèk mwen pou ede m rete aktif. Fikse limit pou konnen ki lè, ki kote, ak chak ki lè pou nou devan ekran. An n konsantre nou youn sou lòt pandan repa ak ti goute yo, an n bliye ekran an.
Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.
The ‘I’m a WIC Client’ button now directs to Nutrition and Breastfeeding, the content offered on the site has not changed.
Side-Lying Hold
This hold is useful when:
Cross-Cradle Hold
This hold is useful when:
Clutch or “Football” Hold
This hold is useful when:
Cradle Hold
This hold is useful when:
Laid-Back Hold
This hold is useful when: