Skip to Content Skip to Footer
Indiana WIC logo
  • Alètman
    • Alètman
      Alètman ak Somèy San Danje
    • Alètman
      Alètman nan Bibwon ki Mezire
    • Alètman
      Alètman Lwa nan Eta Indiana
    • Alètman
      Konseye nan Alètman
    • Alètman
      Fason Pou Pran Swen Tèt Ou Lè Ou Fin Pèdi yon Tibebe
    • Alètman
      Kisa tibebe mwen an ap eseye di m?
    • Alètman
      Prensip pou Estoke Lèt Manman
  • Nitrisyon ak Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Apre Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Rete an Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Tibebe
    • Nitrisyon ak Sante
      Timoun
    • Nitrisyon ak Sante
      Papa
    • Nitrisyon ak Sante
      Fanmi
  • Resous WIC
    • Resous WIC
      Ti Liv Pwogram Lan
    • Resous WIC
      Elijibilite pou pwogram WIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon INWIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon Mobil INWIC Gid Referans Rapid Pou
    • Resous WIC
      Gid Kat EBT WIC
    • Resous WIC
      Lokalizasion Marse Fermie
  • Creole
    • English
    • Spanish
    • Burmese
    • hakha chin
    • Arabic

Fason pou Pran Swen tibebe w la ant6 Mwa ak 12 Mwa

  • Home
  • 6 to 12 Months
  • Infants
  • 6 to 12 Months
  • Mwen Se Tibebe Cheri w la
  • Konsistans Manje yo
  • Fè Premye Manje Mwen an Yon Manje Inik
  • Mwen Bezwen Manje Fason Pa M
  • Kite Mwen Manje Ak Dwèt Mwen
  • Ki Kantite Mwen Ta Dwe Manje
  • Sekirite Manje
  • Jwe Avèk Mwen
  • Gade Sa Mwen Kapab Fè
  • Pwoteje Mwen epi Kenbe Mwen An Sante

Mwen Se Tibebe Cheri w la

Lanmou ak bon manje fè m grandi pi byen.

  • Fòk mwen bwè lèt manman oswa lèt nan bwat ki gen fè jiskaske m gen yon lane. Mwen kapab kontinye tete jiskaske m gen 2 lane oswa plis.
  • Mwen konnen lè m grangou oswa lè vant mwen plen. Mwen fè w konnen sa nan fason mwen aji. Tanpri ban m manje lè m grangou. Kite m manje jiskaske vant mwen plen.
  • Mwen ka genyen yon pouse kwasans lè m gen anviwon 6 mwa epi m anvi tete pi souvan oswa pandan pi lontan.
  • M ap grandi vit. Si m ap bwè lèt manman oswa lèt nan bwat nan yon bibwon, ka gen moman mwen bwè plis pase 4 ons nan yon sèl pase.
  • Lè mwen gen anviwon 6 mwa, ede mwen aprann bwè nan ti gode. Ofri m yon ti gode lèt manman, lèt nan bwat, oswa dlo nan repa ak ti goute yo.

Gras ak Èd Ou M ap Aprann Manje Manje

Lè m gen anviwon 6 mwa, mwen kapab kòmanse manje gwo manje. Tanpri al dousman.

Si fanmi nou fè alèji oswa mwen te fèt anvan lè, pale ak pwofesyonèl swen sante mwen an oswa WIC anvan mwen kòmanse manje gwo manje.

Asire W Mwen Pare

Pou m manje gwo manje, mwen dwe:

  • Chita epi kenbe tèt mwen an plas.
  • Pran bagay yo mete nan bouch mwen.
  • Montre mwen vle manje lè m louvri bouch mwen oswa pran manje a nan yon kiyè.
  • Vale manje a olye mwen repouse l deyò.
Daddy baby play time

I Will Go Through 4 Stages of Foods:

1

Smooth: strained or puréed

baby-food-sweet-potatoes

2

Mashed: smooth with some tiny lumps

mashed-sweet-potatos

3

Chopped: more lumps

sweet-potatos-chopped

4

Pieces of table foods

sweet-potato-pieces

Konsistans Manje yo

Baby food spoons


Pire manje tibebe ki
nan yon kiyè ki deja gen pire manje a

Avocado


Tranch zaboka fen ki woule
nan grenn ki moulen

bread


Ti baton pen konplè ki griye

Raspberrires


Franbwaz ki koupe an kib

Chichen


Vyann poul rache ki kuit nan fou

Fè Premye Manje Mwen an Yon Manje Inik

  • Ban mwen yon nouvo manje alafwa. Sa pèmèt mwen adapte m ak nouvo manje yo.
  • Pou m kòmanse, mwen ka manje apeprè yon ti kiyè epi mwen pran plis apresa ofiyamezi m ap abitye manje ak kiyè oswa pran manje yo.

Wait at least 5 days before trying another new food.

  • Kontinye ban mwen tout kalite manje ak konsistans nan plizyè gwoup manje diferan.
  • Siveye siy ki endike m fè alèji ak manje yo tankou pwoblèm respirasyon, vomisman, dyare, gratèl, oswa anflamasyon. Si mwen fè yon reyaksyon ak yon nouvo manje, rele pwofesyonèl swen sante m lan oswa mennen m nan ijans lan.

Mwen Bezwen Manje Fason Pa M

  • M ap louvri bouch mwen si m vle plis manje.
  • M ap kite bouch mwen fèmen oswa m ap vire tèt mwen si mwen pa vle plis manje; pa fòse mwen manje.
  • Mwen ka krache manje a oswa fè grimas. M ap aprann nouvo gou ak fason pou m brase manje nan bouch mwen.
  • Si m pa renmen yon bagay, tann yon semèn epi fè m goute l yon lòt fwa. Mwen gendwa bezwen goute yon nouvo manje 10 fwa oswa plis anvan m renmen l!
  • Manje a ap pran nan men m, m ap pase l nan figi m ak nan cheve m. Eseye pa estrese poutèt dezòd la. Se pou fyè de mwen pandan m ap aprann manje.
  • Kite m mete manje nan bouch mwen avèk men m oswa yon kiyè. Mwen moulen manje a ak machwè m epi mwen brase li nan bouch mwen avèk lang mwen epi dwèt mwen.
  • Manje avèk mwen lè n chita ap manje an fanmi. Mwen manje pi byen lè w avèk mwen. An n fèmen televizyon an ak telefòn nan pou nou ka pale.

Kite Mwen Manje Ak Dwèt Mwen

eating

Kenbe ak Pla Men

Lè m gen anviwon 6 mwa, mwen kapab kenbe manje nan pla men m pou m mete l nan bouch mwen. Eseye ban mwen manje mou ki gen fòm ti baton long epi ki gwosè dwèt ou.

fruits

Kenbe ak De Dwèt

Lè m gen anviwon 8 oswa 9 mwa, m pral aprann sèvi ak dwèt lendèks mwen ak dwèt pous mwen pou m pran manje. Eseye ofri m ti moso manje ki pi piti pase zong pous ou mwen kapab kraze fasil nan bouch mwen.

Men kèk ide manje pou eseye:

  • Moso legim ki kuit oswa fwi ki mou
  • Moso vyann, vyann poul, ze, pwa, oswa tofou ki kuit
  • Makawoni ki rache oswa diri
  • Ti baton pen griye, tòtiya mou, oswa bonbon sèl nòmal

Ki kantite mwen ta dwe manje?

Mwen dwe manje anviwon 5 oswa 6 fwa pa jou. Lèt nan bwat oswa lèt manman ap toujou rete prensipal sous nitrisyon m. Lèt manman oswa lèt nan bwat ka fè yon repa, oswa lèt manman oswa lèt nan bwat plis sereyal tibebe ka fè yon repa. Kòmanse ak 1 oswa 2 gwo kiyè nan chak manje. Ban mwen plis si mwen vle l. Mwen gendwa pa manje tout manje ki nan asyèt mwen. Ofiyamezi mwen kòmanse manje plis, ou kapab ban mwen 2 oswa 3 manje nan yon repa. Mete manje nan kiyè a pou mwen epi kite m mete l nan bouch mwen.

Men kèk lide:

Ant 6 ak 8 mwa

6to8-ht

Ant 8 ak 10 mwa

8to10-ht

Ant 10 ak 12 mwa

10to12-ht
Kite m manje jiskaske m bay siy ki montre vant mwen plen. Mwen gendwa fèmen bouch mwen, vire oswa sekwe tèt mwen, oswa leve bra m. Mande m si vant mwen plen. Apresa, kite m sispann manje si m vle.
Baby Sipping

Lè a rive pou m bwè nan ti gode

Lè mwen gen 6 mwa, ou kapab ban mwen yon vyepti dlo (jiska 4 a 8 oz. pa jou) ofiyamezi m ap aprann bwè nan gode.

Ou kapab ban m lèt manman oswa lèt nan bwat nan ti gode a tou. Mwen pa bezwen okenn lòt bwason, tankou ji, pou laj mwen.

Sekirite Manje

  • Fòk nou lave men nou ansanm anvan n prepare manje oswa anvan n manje.
  • Mete manje ki pire yo nan yon kiyè epi kite m pran l.
  • Asire w manje m nan byen kuit epi li refwadi anvan w ban mwen li.
  • Pinga ou chofe manje m lan nan yon fou mikwowonn. Li ka boule bouch mwen.

Fason pou Fouye Mwen nan Manba

Lè mwen fin eseye lòt gwo manje yo, fouye mwen nan manba. Lè w fè sa, li kapab itil si fanmi nou an fè alèji ak manje oswa alèji ki gen rapò ak ze, tankou egzema oswa lòt pwoblèm po.

Mete yon vyepti kouch manba sou yon bonbon sèl oswa melanje li avèk sòs pòm epi ban mwen l ak yon kiyè. Siveye m pandan 2 èdtan ki vini apre yo pou asire w mwen pa fè yon reyaksyon.

Mom feedin baby

Manje Pou Evite

Mwen bezwen manje ki apwopriye pou laj mwen epi k ap pèmèt mwen grandi pi byen.

Mwen pa bezwen manje ki gen sik, sèl, grès, oswa sibstans yo ajoute. Tann pou ban m ji lè mwen gen omwen 12 mwa.

Tanpri pa ban mwen manje ki ka trangle mwen, tankou:

  • Legim kri
  • Bekonn
  • Rezen antye
  • Seriz antye
  • Pwason ki gen zo
  • Pòmdetè, mayi, oswa tòtiya fri
  • Pòpkòn
  • Sirèt di
  • Fwi sèk
  • Òtdòg
  • Ti baton vyann

Epitou, pa ban mwen manje ki kapab fè m malad oswa vomi, tankou:

  • Lèt bèf oswa lòt lèt ki pa gen pwodui lèt tankou lèt soja oswa lèt zanmann. Lèt sa yo pa gen kantite nitriman ki sifizan mwen bezwen pou m grandi ak devlope anvan m genyen yon lane.
  • Vyann k ap fè san oswa ki kri
  • Siwo myèl oswa manje ki fèt avèk li. Siwo myèl la konn genyen bakteri (Clostridium Botulinum) ki kapab fè tibebe yo malad oswa vomi. Mwen pa ta dwe pran siwo myèl toutotan m pa gen 12 mwa.

Jwe avèk mwen!

Mete m sou yon lenn atè a. Mete yon jwèt yon kote ki lwen m pou m ka deplase al pran l. Woule yon balon pou mwen. Kenbe toude men m epi kite m mache avèk ou.

Gade sa mwen kapab fè!

Mwen renmen aprann nan men w. Fè lekti pou mwen. Chante yon chanson. An n fè jwèt kache figi. Mennen m pwomennen epi montre m nouvo bagay. M sou de pye militè m — voye je sou mwen!

Ant 6 ak 9 Mwa
Ant 9 ak 12 Mwa
Ant 6 ak 9 Mwa

Mwen kapab leve chita epi vire. M ap kòmanse ranpe ak rale. Mwen renmen sekwe bagay epi kite yo tonbe pou m wè sa k ap pase.

Ant 9 ak 12 Mwa

Mwen renmen itilize men m. Mwen kapab kenbe ti gode mwen an. Mwen renmen lonje dwèt mwen epi fè babay. Mwen di pa-pa ak ma-ma. Mwen kapab redrese m pou m kanpe.

Mom baby caring

Pwoteje mwen epi kenbe mwen an sante

  • Fòk mwen fè tchèkòp epi pran vaksen pou m rete an sante. M ta dwe ale kay pwofesyonèl swen sante m lè m gen 6 mwa, 9 mwa, epi 1 lane.
  • Pwòpte jansiv mwen ak dan m avèk yon twal pwòp, ki mouye epi ki mou lè m fin manje. Mande dantis la si m bezwen fliyorid.
  • Si lòt moun ban m manje, asire w mande ki sa ak kantite mwen manje.
  • Pa janm mete m kouche avèk yon bibwon. Mwen kapab trangle, mwen kapab gen zòrèy fè mal, oswa gate dan mwen.
  • Kite m eksplore pou m aprann. Gade chak chanm, soti depi atè, epi asire w li san danje pou mwen.
  • Tache mwen nan yon syèj machin pou timoun anvan nou derape machin nan. Se sa lalwa di! Monte syèj mwen an nan kousen dèyè machin nan, fas la dwe bay sou dèyè.
  • Pa kite m jwenn ak lafimen sigarèt, tabak, vapotaj ak tout lòt lafimen yo. Lafimen an ap andomaje ti poumon m yo epi fè m malad.
  • Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.

Pou w jwenn sipò pou alètman, kontakte Konseye nan Alètman WIC oswa Ekspè Alètman WIC Deziyen ki nan zòn ou an.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.

wic.in.gov
Logo for Indiana WIC, a supplemental nutrition program for women, infants, and children.

Kontakte Nou

2 North Meridian Street, 5th Floor Indianapolis, Indiana 46204
800-522-0874
wic.in.gov

Jwenn Plis Enfòmasyon

  • Fason pou Aplike
  • Manje ki Apwouve
  • Jwenn yon Klinik

Resous

Sipo pou Aletman WIC
  • Aplikasyon Android INWIC
  • Aplikasyon Apple INWIC
  • Indiana WIC on Facebook
  • Indiana WIC on Instagram

Enstitisyon sa a se yon founisè menm opòtinite pou tout moun.

Cookie PolicyPrivacy Policy

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent

    ×
    If you are using multiple emails, separate them with commas.

      Communication Preferences

      ×
      Download
      Feed Popup
      Side Lying Hold

      Side-Lying Hold

      1. For the right breast, lie on your right side with your baby facing you.
      2. Pull your baby close. Your baby’s mouth should be level with your nipple.
      3. In this position, you can cradle your baby’s back with your left arm and support yourself with your right arm and/or pillows.
      4. Keep loose clothing and bedding away from your baby.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You want to rest while baby feeds
      • You are breastfeeding in the middle of the night
      • You and your baby are comfortable in this position
      Cross Cradle Hold

      Cross-Cradle Hold

      1. For the right breast, use your left arm to hold your baby’s head at your right breast and baby’s body toward your left side. A pillow across your lap can help support your left arm.
      2. Gently place your left hand behind your baby’s ears and neck, with your thumb and index finger behind each ear and your palm between baby’s shoulder blades. Turn your baby’s body toward yours so your tummies are touching.
      3. Hold your breast as if you are squeezing a sandwich. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      4. As your baby’s mouth opens, push gently with your left palm on baby’s head to help them latch on. Make sure you keep your fingers out of the way.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby is premature
      • Your baby has a weak suck
      • Your baby needs help to stay latched
      • Your baby needs extra head support
      • You and your baby are comfortable in this position
      Football Hold

      Clutch or “Football” Hold

      1. For the right breast, hold your baby level, facing up, at your right side.
      2. Put your baby’s head near your right nipple and support their back and legs under your right arm.
      3. Hold the base of your baby’s head with your right palm. A pillow underneath your right arm can help support your baby’s weight.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Bring baby to you instead.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You have large breasts
      • You have flat or inverted nipples
      • You have a strong milk let-down
      • You are breastfeeding twins
      • Your baby likes to feed in an upright position
      • Your baby has reflux
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Cradle Hold

      1. For the right breast, cradle your baby with your right arm. Your baby will be on their left side across your lap, facing you at nipple level.
      2. Your baby’s head will rest on your right forearm with your baby’s back along your inner arm and palm.
      3. Turn your baby’s tummy toward your tummy. Your left hand is free to support your breast, if needed. Pillows can help support your arm and elbow.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby needs help latching on
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Laid-Back Hold

      1. Lean back on a pillow with your baby’s tummy touching yours and their head at breast level. Some moms find that sitting up nearly straight works well. Others prefer to lean back and lie almost flat.
      2. You can place your baby’s cheek near your breast, or you may want to use one hand to hold your breast near your baby. It’s up to you and what you think feels best.
      3. Your baby will naturally find your nipple, latch, and begin to suckle.

      This hold is useful when:

      • Your baby is placed on your chest right after birth
      • You have a strong milk let-down
      • You have large breasts
      • You and your baby are comfortable in this position