Mwen anvi konnen, se poutèt sa mwen ka poze w anpil kesyon. Mwen bezwen èd ou pou m aprann nouvo bagay.
Mwen gendwa renmen yon manje jodi a, demen m pa renmen l. Se pa yon pwoblèm si m manje anpil pafwa, epi lòt fwa yo m pa manje twòp. Gen kèk jou mwen gendwa pi grangou pase lòt jou yo. Se nòmal. M ap manje lè mwen grangou.
Mwen gendwa pridan lè m ap manje nouvo manje yo. Mwen gendwa bezwen wè yon manje 10 fwa oswa plis anvan m aprann renmen li. Tanpri kontinye ofri m li, men pa fòse mwen manje.
*Chofe vyann chakitri yo jiskaske yo byen cho, epi kite yo refwadi anvan w sèvi yo.
3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)
Fwi ki kuit oswa mou epi ki kri.
Kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: wouj, jòn, jòn abriko, ble, ak vèt.
3 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(1 tas edmi antou)
Legim ki kri oswa ki kuit, kraze, tranche, oswa rache.
Ofri m tout kalite koulè: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, ak mòv.
6 a 8 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(3 a 4 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
6 a 8 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) ons
(3 a 4 ons antou)
Pen konplè, tòtiya, diri, makawoni.
Sereyal sèch oswa kuit.
3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 4 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
3 a 4 pòsyon pa jou
1 pòsyon = 1 ons
(3 a 4 ons antou)
Vyann mèg, vyann bèt volay, oswa bèt lanmè ki kuit.
Ze.
Pwa, pwa frans, oswa tofou ki kuit.
Manba.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
5 pòsyon pa jou
1 pòsyon = demi (½) tas
(2 tas edmi antou)
Lèt ki gen tikal grès.
Yogout.
Fwomaj.
Mennen mwen kay doktè pou m al fè tchèkòp.
Ede mwen bwose dan m 2 fwa pa jou epi pase fil dan chak jou. Mennen mwen kay dantis la pou fè li verifye dan mwen.
Fòk nou lave men nou souvan. Montre mwen jan pou m lave men mwen ak dlo tyèd ak savon. Fòk mwen lave yo pandan omwen 20 segonn, oswa tan mwen bezwen pou m chante “Row, Row, Row Your Boat”.
Jwe avèk mwen pou ede m rete aktif. Fikse limit pou konnen ki lè, ki kote, ak chak ki lè pou nou devan ekran. An n konsantre nou youn sou lòt pandan repa ak ti goute yo, an n bliye ekran an.
Evite konsome pwodui ki fèt ak tabak oswa ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg ilegal yo pou kenbe fanmi nou an sante epi pou pwoteje li. Pou w jwenn èd pou kite tabak oswa pwodui ki gen nikotin, ale sou www.quitnow.net. Pou w jwenn èd pou kite alkòl oswa lòt dwòg yo, ale sou www.findtreatment.gov. Nitrisyonis Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) ou a kapab ba w lòt resous tou.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.
Side-Lying Hold
This hold is useful when:
Cross-Cradle Hold
This hold is useful when:
Clutch or “Football” Hold
This hold is useful when:
Cradle Hold
This hold is useful when:
Laid-Back Hold
This hold is useful when: