Alètman ak somèy san danje mache ansanm pou yo kenbe tibebe w la an sante epi an sekirite.
Alètman
- Lè w mete yon sousèt nan bouch tibebe w la, sa kapab redui risk pou SIDS la (Sendwòm Lanmò Sibit Tibebe), men ou ta dwe rete tann pou itilize yon sousèt jiskaske ou menm ak tibebe w la alèz avèk alètman an.
- Lèt ou pwodui a bay tibebe w la nitriman, li fè l gen kè kontan epi li fè l rete an sante. Li bon pou sante w tou!
- Tibebe ki tete yo gen mwens risk pou yo gen Sendwòm Lanmò Sibit Tibebe (SIDS).
- Li preferab pou ba li tete sèlman pandan sis (6) premye mwa yo. Lè w kontinye ba li tete pandan 2 lane e plis (avèk manje ou ajoute yo lè l sis mwa), sa ap fè l kontinye benefisye yon pil gwo avantaj.
Somèy San Danje
- Toujou mete tibebe w la kouche sou do pandan tout peryòd somèy - kabicha ak nan nuit, jiskaske li gen yon lane.
- Mete tibebe w la nan yon bèso oswa bèso pòtab ki gen yon matla ki solid ak yon dra ki byen ajiste.
- Pa itilize zòrye, lenn, nounous ni kousen pou pare chòk okenn kote nan espas tibebe w la ap dòmi. Itilize yon sak somèy nan plas lenn nan, si sa nesesè.
- An mwayèn, gen de (2) tibebe ki mouri chak semèn nan Eta Indiana akoz yon somèy danjere. Ou kapab pwoteje tibebe w la lè w suiv prensip debaz Somèy San Danje a epi lè w ba li tete a byen.
-
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou somèy san danje pou tibebe yo, ale sou
https://indiana.wicresources.org/safe-sleep/.
Se Pa Kabann nan pou Pataje, se Chanm nan
Alètman an ede w kreye lyen avèk tibebe w la. Lè w toupre tibebe w la, sa kapab ede w aprann siy ki montre li grangou epi ede kore alètman an.
Pataj chanm nan – kenbe espas somèy san danje pou tibebe w la nan chanm ou pandan omwen 6 mwa.
Ou kapab bay tibebe w la tete nan kabann ou. Lè w fini, remete li nan espas somèy pa li apa kote ou ka wè l epi lonje men pran l apati kote ou kouche a.
Jwenn plis enfòmasyon sou somèy san danje pou tibebe yo.
Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.