Skip to Content Skip to Footer
Indiana WIC logo
  • Alètman
    • Alètman
      Alètman ak Somèy San Danje
    • Alètman
      Alètman nan Bibwon ki Mezire
    • Alètman
      Alètman Lwa nan Eta Indiana
    • Alètman
      Konseye nan Alètman
    • Alètman
      Fason Pou Pran Swen Tèt Ou Lè Ou Fin Pèdi yon Tibebe
    • Alètman
      Kisa tibebe mwen an ap eseye di m?
    • Alètman
      Prensip pou Estoke Lèt Manman
  • Nitrisyon ak Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Apre Gwosès
    • Nitrisyon ak Sante
      Rete an Sante
    • Nitrisyon ak Sante
      Tibebe
    • Nitrisyon ak Sante
      Timoun
    • Nitrisyon ak Sante
      Papa
    • Nitrisyon ak Sante
      Fanmi
  • Resous WIC
    • Resous WIC
      Ti Liv Pwogram Lan
    • Resous WIC
      Elijibilite pou pwogram WIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon INWIC
    • Resous WIC
      Aplikasyon Mobil INWIC Gid Referans Rapid Pou
    • Resous WIC
      Gid Kat EBT WIC
    • Resous WIC
      Lokalizasion Marse Fermie
  • Creole
    • English
    • Spanish
    • Burmese
    • hakha chin
    • Arabic

Konsèy SantePou Jèn Manman yo

  • Home
  • Health Tips for New Moms
  • Women
  • Health Tips for New Moms
  • Chè Manman
  • Jwenn Swen Ou Bezwen an
  • Chwazi Manje ki Bon pou Lasante
  • Manje Manje Maten, Manje Midi, ak Manje Aswè
  • Ide pou Manje Maten
  • Fè Atansyon Ak Fasfoud yo
  • Pran Asid Folik ak Fè Chak Jou
  • Kèk Ti Chanjman ak Bon Chwa Ap Fè Ou Pi An Sante
  • Bouje Kò Ou Nenpòt Lè Ou Kapab
  • Kreye Tan pou Tèt Ou
  • Pran Swen Dan Ou ak Bouch Ou
  • Depresyon Apre Akouchman
  • Konprann Siyal Tibebe w la
  • Byen Kòmanse avèk Tibebe Ou An – Ba Li Tete!
  • Alètman - Avantaj pou Ou, Avantaj pou Tibebe a*
  • Konsèy pou Bay Lèt nan Bwat
  • Rete An Sekirite

Infographic Available*

h2 hide

Manman Cheri,

Nou felisite ou pou nesans tibebe w la! Fanmi ki an sante yo chwazi Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants and Children (WIC, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun) – se yon bon chwa yo fè, epi nou kontan paske ou la avèk nou.

Antanke yon jèn manman ki nan pwogram WIC, ou kapab:

  • Jwenn swen sante ak lòt sèvis yo
  • Aprann fè bon chwa nan zafè manje
  • Aprann fason pou pwoteje tibebe w la
  • Jwenn sipò pou alètman
  • Achte manje ki bon pou lasante

Sitwèb la gen konsèy ki pou pèmèt ou menm ak tibebe w la rete an sante. Konsèy sa yo pa ranplase konsèy pwofesyonèl swen sante w la. Note kesyon pou poze pwofesyonèl swen sante w la anvan w ale nan pwochen randevou tchèkòp la.

WIC kapab ede w aprann manje manje ki bon pou lasante epi kore demach alètman w lan. WIC gen plizyè seyans sou nitrisyon pou ou menm ak lòt manman yo aprann, pataje ide, ak poze kesyon. Nou espere w renmen eksperyans ou fè avèk WIC la; nou kontan pou n pataje moman espesyal sa a avèk ou.

Ak tout kè nou,
Pèsonèl WIC ou an

Jwenn Swen Ou Bezwen an

Swen apre akouchman an se swen sante yo bay fanm yo apre yo fin akouche tibebe yo a. Gen yon pwofesyonèl swen sante oswa yon enfimyè ki resevwa fòmasyon espesyal k ap verifye pou l wè si w an sante epi si w ap geri byen. Ale nan tout randevou tchèkòp apre akouchman yo.

Pale avèk doktè w la pou asire w medikaman ou ap pran yo bon pou alètman an epi yo p ap diminye kantite lèt ou pwodui a.

Ou menm ak tibebe w la dwe pran vaksen pou n rete an sante. Nou kapab resevwa vaksen ki rekòmande yo pandan ou ap bay tete.

  • Vaksen yo pwoteje w kont viris ak maladi tankou COVID-19, lawoujòl, polyo, ak tetanòs.
  • Tibebe yo ap pran pifò vaksen yo anvan yo gen 2 lane. Apresa, gen kèk vaksen ki nesesè.
  • Mande pwofesyonèl swen sante w la ki vaksen ou menm ak tibebe w la dwe pran.
  • Li enpòtan pou tibebe w la pran tout vaksen yo.
  • Konsève yon dosye vaksen pou ou menm ak tibebe w la. Vini avèk dosye a nan tout randevou yo.
  • Si w bezwen èd pou peye pou swen sante, kontakte biwo Medicaid lokal ou a.
Mom baby walking

Chwazi Manje ki Bon pou Lasante

Manman ki bay tibebe yo tete sèlman bezwen yon ti kras manje anplis. Se yon gid jeneral – chak moun bezwen yon kantite diferan pou repran yon pwa ki bon pou lasante epi kore alètman an, si sa posib. Pou w jwenn yon Rejim Alimantè Chak Jou ki fèt sèlman pou ou, ale sou www.myplate.gov oswa pale avèk Nitrisyonis WIC ou a.

Lè w manje repa ak ti goute regilye pandan tout jounen an, sa ap alimante kò ou epi asire w gen enèji pou nouri tibebe w la, pran swen li, epi jwe avèk li.

Grenn
Legim
Fwi
Pwodui lèt
Pwoteyin
Grenn

Manman Ki Ap Fè Alètman:

7 a 8 ons pa jou (7 a 8 pòsyon)

Manman Ki P Ap Fè Alètman:

6 a 7 ons pa jou (6 a 7 pòsyon)

1 Pòsyon = 1 Ons

Egzanp:

  • 1 tranch pen oswa tòtiya
  • Yon bò (½) bagel oswa ti pen anbègè
  • Demi (½) tas diri ki kuit, makawoni, oswa sereyal
  • 1 tas sereyal sou fòm flokon

Manje grenn antye tankou:

  • Avwàn
  • Pen oswa ti pen konplè
  • Diri konplè
  • Pat alimantè konplè
  • Tòtiya (ble konplè oswa mayi)
Legim

Manman Ki Ap Fè Alètman:

3 tas pa jou (6 pòsyon)

Manman Ki P Ap Fè Alètman:

2 tas edmi (½) pa jou (5 pòsyon)

1 Pòsyon = Demi (½) Tas

Egzanp:

  • 1 tas legim ki kri oswa ki kuit
  • 1 tas leti oswa lòt legim fèy vèt
  • Demi (½) tas ji legim oswa tomat

Konsèy:

  • Manje plizyè kalite ak koulè legim: vèt fonse, jòn abriko, wouj, jòn, mòv, ak blan
  • Ajoute yo nan: ze bwouye, diri, makawoni, salad, ak ragou
Fwi
fruit

BManman K Ap Fè Alètman ak Manman Ki P Ap Fè Alètman:

2 tas pa jou (4 pòsyon)

1 Pòsyon = Demi (½) Tas

Egzanp:

  • Demi (½) tas fwi ki rache oswa ki kuit
  • 1 fwi – pòm, zoranj, pèch, elatriye.
  • Demi (½) tas ji fwi ki 100%
  • Yon ka (¼) tas fwi sèk

Konsèy:

  • Manje plizyè kalite ak koulè legim: wouj, jòn, jòn abriko, ble, mòv, ak blan
  • Mete fwi ki tranche oswa ki rache a sou sereyal, krèp, poudin, ak yogout jele
Pwodui lèt
dairy

Manman K Ap Fè Alètman ak Manman Ki P Ap Fè Alètman:

3 tas pa jou (3 pòsyon)

1 Pòsyon = Demi (1) Tas

Egzanp:

  • 1 tas lèt
  • 1 tas yogout
  • 3 tranch (2 ons) fwomaj Ameriken (yo transfòme)
  • Yon (1) ons edmi (½) fwomaj cheddar oswa fwomaj ki sanble
  • Yon tyè (⅓) tas fwomaj rape
  • 2 tas fwomaj lèt kaye
  • 1 tas lèt soja

Konsèy:

  • Chwazi lèt ki gen tikal grès oswa ki pa gen grès
  • Yon pòsyon yon (1) ons edmi (½) fwomaj ki egal ak 3 a 4 kib ki gwosè zo
Pwoteyin
protein

Manman Ki Ap Fè Alètman:

6 ons edmi (½) pa jou (6 pòsyon edmi)

Manman Ki P Ap Fè Alètman:

5 ons edmi (½) pa jou (5 pòsyon edmi)

1 Pòsyon = 1 Ons

Egzanp:

  • 1 ons vyann, vyann poul, vyann kodenn, oswa pwason
  • Yon ka (¼) tas ton lejè ki nan bwat konsèv
  • 1 ze
  • Yon ka (¼) tas pwa ki kuit oswa tofou
  • Yon (1) gwo kiyè manba

Konsèy:

  • Yon pòsyon 3 ons gwosè yon pil kat
  • Chwazi vyann ki mèg: kuit yo nan fou, boukannen, oswa griye yo
  • Pwa se yon bon sous pwoteyin

Manje Manje Maten, Manje Midi, ak Manje Aswè

Ou menm ak tibebe w la santi nou pi byen lè nou manje repa ak ti goute regilye. Men yon egzanp meni ki gen ladan l manje ou kapab achte avèk avantaj WIC ou yo.

Mete kò w anfòm avèk manje WIC yo. Men sa yo ba ou:

  • Fè pou san w an sante
  • Kalsyòm pou gen zo ak dan ki djanm
  • Vitamin A ak C pou w geri
  • Pwoteyin pou repare kò w
Men kèk egzanp ki montre aparans pòsyon repa ak ti goute a ka genyen nan asyèt ou.

Manje maten

1 tas ji fwi wouj melanje ki 100%
New breakfast
1 tranch pen konplè griye
1 ze ki bouyi di

Manje midi

Demi (½) gwo tas frèz ki tranche
1 tas kawòt tranche
1 tas dlo
Lunch
2 tranch pen konplè avèk
3 ons vyann kodenn chakitri ki mèg avèk
yon ka (¼) tas leti ak yon ka (¼) tomat

Ti goute

Snacks
Demi (½) tas pèch tranche
1 tas lèt ki gen tikal grès oswa ki pa gen grès
5 oswa 6 bonbon sèl konplè
3 oswa 4 tranch fwomaj
demi (½) tas konkonm tranche
demi (½) tas seriz
dlo ant repa yo ak ti goute yo

Manje aswè

1 tas rezen
demi (½) tas pwa vèt ki kuit
1 tas salad vèt ki melanje avèk yon (1) gwo kiyè sòs salad
Dinner
1 tas espageti konplè avèk
yon ka (¼) tas vyann bèf moulen
avèk yon (1) tas sòs tomat
yon (1) tas lèt ki gen tikal grès oswa ki pa gen grès

Ide pou Manje Maten

Kreye tan pou manje maten an. Li ede w pase jounen an byen. Men kèk ide. Chwazi yon manje oswa plizyè manje nan chak gwoup ki anba a.

Egzanp: Tòtiya Konplè + Manba + Tranch Pòm

Pen, Sereyal, oswa Lòt Grenn yo

  • Bagel
  • Sereyal
  • Ble konplè oswa mayi
  • Bonbon sèl
  • Ponmkèt Anglè
  • Avwàn oswa labouyi mayi
  • Pen ki gen rezen sèk
  • Pen konplè
  • Granola oswa melanj fwi sèk
  • Wafòl konplè

Pwodui Lèt oswa Pwoteyin

  • Lèt ki gen tikal grès
  • Fwomaj ki gen tikal grès
  • Yogout ki gen tikal grès
  • Ze ki kuit
  • Fwi sèk (tankou nwa)
  • Manba ki fèt ak pistach oswa manba ki fèt ak nwa
  • Pwa chich kraze
Apple peanut butter

Fwi oswa Legim

  • Sòs pòm
  • Piman dou
  • Tomat
  • Zaboka
  • Pòm
  • Fig mi
  • Melon
  • Zoranj
  • Pèch
  • Anana
  • Rezen sèk
  • Frèz
Pizza with vegetable

Fè Atansyon Ak Fasfoud yo

Ou ap deplase? Mande pou fè bon chwa sa yo.

  • Sandwitch ki fèt ak vyann poul griye
  • Sandwitch pen bagèt ki fèt ak vyann kodenn oswa zaboka
  • Anbègè janbon oswa anbègè fwomaj
  • Pitza ki gen piman dou, tomat, ak djondjon sou tèt li
  • Pòmdetè ki kuit nan fou avèk legim ak fwomaj sou li
  • Bourito ki fèt ak pwa
  • Fwi
  • Dlo, lèt ki gen tikal grès, oswa ji ki 100%

Pran Asid Folik ak Fè Chak Jou

Asid folik se yon vitamin chak grenn selil nan kò ou bezwen. Vitamin sa a ka pwoteje w kont kriz kadyak, estwòk, ak kansè. Si w ansent ankò, li pwoteje tibebe ki nan vant ou an kont malfòmasyon konjenital nan kolòn vètebral ak sèvo ki devlope trè bonè nan gwosès la. Li rekòmande pou pran 400 a 800 mikwogram (mcg) chak jou.

Li etikèt nitrisyon yo pou w ka pran kantite asid folik ki sifizan chak jou.

  • Pran yon vitamin ki gen 400 a 800 mcg asid folik ladan l chak jou.
  • Manje yon bòl sereyal moun manje maten ki gen ladan l 100% nan valè asid folik ou dwe pran chak jou a.

Manje manje ki gen asid folik menm si w ap pran yon grenn vitamin oswa manje sereyal ki fòtifye.

  • Ajoute yon ti melon frans, zoranj, oswa frèz nan manje maten w lan.
  • Chwazi leti ak legim vèt ki pi fonse, tankou leti womèn, legim fèy vèt, oswa zepina kri pou fè salad ak sandwitch.
  • Manje pistach oswa manba pou ti goute.
  • Fè yon sòs ki gou epi itilize legim kri ki koupe, tankou bwokoli ak chouflè oswa itilize seriz ak ti kawòt pou ka tranpe.

E fè a?

  • Apre akouchman, nivo fè nan kò ou ka ba. Sa kapab fè w santi feblès ak fatig. Pwofesyonèl swen sante w la gendwa rekòmande w yon vitamin ki gen fè oswa li ka di w pou kontinye pran vitamin prenatal ou an.

Eseye manje plis nan manje sa yo ki gen anpil fè ladan yo:

  • Sereyal moun manje maten ki gen anpil fè
  • Pwa sèch ki kuit tankou pwa blan, lantiy, pwa chich, oswa pwa pinto
  • Vyann wouj ki mèg
  • Tofou
  • Ze
  • Legim vèt tankou zepina, chou chevalye, fèy moutad
  • Pòmdetè ak po
  • Ji prin
  • Pen konplè

Melanje manje ki gen anpil fè avèk manje ki gen anpil Vitamin C. Lè w manje manje sa yo ansanm, sa ap ede kò w absòbe plis fè nan manje w manje a.

Men bon sous Vitamin C yo:

  • Ji Zoranj
  • Chadèk
  • Pòmdetè ki kuit nan fou
  • Tomat
  • Piman dou
  • Bwokoli
Nutrition Facts

Kèk Ti Chanjman ak Bon Chwa Ap Fè Ou Pi An Sante!

Ti chanjman yo kapab fè yon gwo diferans nan ede w santi w byen, genyen plis enèji ak megri. Genyen anpil konsèy manman yo pataje ki fonksyone pou yo.

  • Pa manje manje a dirèkteman nan pake a – Repati manje, tankou bonbon sèl, fwi sèk, melanj fwi sèk, pretzèl, kib fwomaj, elatriye, nan bwat apa oswa sachè ki gen zip. Pi bon ankò, mete legim yo nan yon bwat pou fè yon ti goute rapid ki bon pou lasante san l pa gen tout kalori yo.
  • Mete legim nan chak repa – Kòmanse repa fanmi an avèk yon bòl legim oswa salad ou mete nan mitan tab la epi manje l anpil. Sèvi pla prensipal la nan kizin nan. Itilize gid MyPlate la pou prepare plat manje w la sou www.myplate.gov.
  • Sispann manje lè vant ou plen – Raple w se pa yon pwobèm si w sispann manje anvan asyèt ou a vid oswa anvan tout moun fin manje.
  • Siveye pòsyon ou yo – Itilize asyèt ki pi piti yo. Selon etid ki fèt yo, nou manje plis lè nou itilize pi gwo asyèt yo.
  • Diminye nan kèk manje – Elimine manje ki gen anpil grès ak sik ajoute yo pou w ka diminye kalori yo. Deside pou chwazi konsome bwason dous, bonbon, gato, sirèt, ak krèm glase yon lè konsa. Limite vyann, tankou kòt, bekonn, ak òtdòg.
  • Fè manje lakay ou – Eseye resèt ki pi bon pou lasante ki itilize mwens grès, sik, ak sèl.
  • Bwè dlo– Gendelè nou gendwa santi nou grangou lè nou swaf. Bwè dlo pandan tout jounen an. Lè w bwè detwa gòje dlo, sa kapab pèmèt ou santi vant ou plen. Kidonk, ou pa manje twòp.
  • Se pa sèlman lè w manje manje ki bon pou lasante, w ap santi w byen epi gen plis enèji – Aktivite fizik ap ede w tou. Aktivite fizik ede jèn manman yo soulaje estrès – epi lè w fenk gen yon tibebe, sa kapab ba w estrès! Mande doktè w la ki lè ou kapab fè egzèsis fizik epi kòmanse dousman.
Mom baby walking

Bouje Kò Ou Nenpòt Lè Ou Kapab

Kò ou rete anfòm lè w bouje li. Bouje kò w si pwofesyonèl swen sante w la ba ou otorizasyon. Mache, detire, ak naje se kèk bon mannyè pou w ka bouje kò w.

Men sa aktivite fizik kapab fè:

  • Li pèmèt ou anfòm epi santi w anfòm
  • Li fè w gen plis enèji
  • Li diminye estrès epi li pèmèt ou detann ou
  • Elimine pwa ou te pran pandan gwosès la
  • Li mete jèvrin nan misk ou yo

Al dousman lè w fenk kòmanse. Kò w bezwen geri. Mande pwofesyonèl swen sante w la sa w kapab fè ak lè w kapab fè li.

Kòmanse fè ti mache 5 oswa 10 minit. Apre yon semèn, mache yon ti kras pi lontan oswa pi lwen. Fikse yon objektif ou kapab atenn.

Men kèk lòt mwayen fasil pou bouje kò ou:

  • Mache sou plas lè w ap gade televizyon oswa pale nan telefòn.
  • Pase mizik epi danse.
  • Mande zanmi w ak fanmi w danse ak ou.

Epitou, ou kapab jwenn lòt pwogram oswa videyo egzèsis ki amizan epi gratis sou entènèt.

Chanje abitid sante yo youn apre lòt.

Abitye ak yon chanjman anvan w fè lòt chanjman an.

Ki manje ou kapab diminye?

Egzanp: Redui konsomasyon soda a ak youn pa jou.

Ki manjeou kapab chanje?

Egzanp: Manje yogout ki gen tikal grès avèk fwi pou manje maten.

Kisa w kapab fè pou bouje kò ou plis?

Egzanp: Pa pran asansè a, monte eskalye a pito.

Kreye Tan pou Tèt Ou

Pwofite tibebe w la, men pran swen tèt ou, tou.

  • Mande fanmi ak zanmi ou ede w. Kite yo fè pwovizyon, fè manje, ak netwaye.
  • Fè yon kabicha menm lè ak tibebe w la. Si w pa ka dòmi, kouche pou repoze kò a.
  • Chèche yon moun pou w pale.

Lè w manje manje ki fòtifyan epi ki regilye, sa ap pèmèt ou:

  • Gen plis enèji
  • Reflechi byen
  • Geri pi byen

Pran Swen Dan Ou ak Bouch Ou

Brushing Teeth

Lè dan w ak jansiv ou pwòp epi an sante, se yon siy ki montre ou gen yon sante ki djanm.

  • Bwose dan w (ak lang ou) omwen 2 fwa pa jou.
  • Pase fil nan dan w chak jou.
  • Bwè dlo, men pa bwè bwason ki sikre.
  • Fè yon tchèkòp dan chak 6 mwa.

Depresyon Apre Akouchman

Pifò jèn manman yo gen depresyon apre akouchman. Yo kriye, yo santi yo tris, epi karaktè yo chanje bridsoukou. Sa kapab dire jiska 2 semèn. Si sa kontinye jiskaske li agrave, li posib pou soufri depresyon apre akouchman.

Si w panse se Depresyon Apre Akouchman ou ka genyen, pale ak pwofesyonèl swen sante w la pou l ede w. Ou merite pou santi w byen.

Si ou panse fè tèt ou oswa tibebe w la mal, chèche èd lapoula.

Rele Liy Èd Postpartum Support International la nan 1-800-944-4773ale sou www.postpartum.net, oswa voye mesaj tèks nan 800-944-4773 (Anglè) oswa 971-203-7773 (Panyòl).

Siy Depresyon Apre Akouchman

Se lè w santi nenpòt nan bagay sa yo pandan plis pase 2 semèn:

  • Ou santi w tris anpil
  • Ou kriye souvan
  • Ou pa vle manje oswa ou pa sispann manje
  • Ou pa ka dòmi ni ou pa vle dòmi tout tan
  • Ou pa vle pran swen tèt ou
  • Ou pa pwofite lavi a
  • Ou pa bay tibebe w la regle anyen pou ou
  • Ou santi ou ta fè tèt ou oswa tibebe w la mal
  • Ou pè pou pa rete sèl avèk tibebe w la
  • Ou enkyete w twòp pou tibebe w la
Woman outdoors sun

Eseye Fè Sa pou Soulaje Estrès la

  • Chita sou yon chèz.
  • Mete men w sou vant ou.
  • Rale souf ou nan nen w pandan w ap konte rive sou 4 dousman. Kenbe l pandan yon segonn.
  • Lage souf ou nan bouch ou pandan w ap konte rive sou 4 dousman. Fè menm bagay la 5 a 10 fwa

Konprann Siyal Tibebe w la

Tibebe w la itilize mouvman kò ak siyal pou l di w sa li bezwen. Lè w reyaji fas ak siyal tibebe w la, sa kapab pèmèt li kalme l epi gen kè kontan.

"Mwen grangou"

hungry baby in moms lap

Men sa tibebe w la ka fè lè li grangou:

  • Li ka kite men li toupre bouch li
  • Li ka pliye bra l ak janm li
  • Li ka fè bri souse
  • Li ka peze po bouch li ansanm
  • Li ka chèche pwent tete a

"Vant mwen plen"

baby is full

Men sa tibebe w la ka fè lè vant li plen:

  • Li ka souse pi lan oswa sispann souse
  • Li ka lache men l ak bra l
  • Li ka vire do bay pwent tete a
  • Li ka repouse pwent tete a
  • Dòmi ka pran l

"Mwen vle bòkote w"

baby playing with mom

Lè mwen vle jwe.

Ofiyamezi tibebe w la ap grandi, ou ap kapab detèmine pi byen lè l vle entèyaji, aprann, oswa jwe.

Men sa tibebe w la ka fè lè l ap mande w pou ede l aprann plis bagay sou ou menm ak nouvo mond li ye a:

  • Li ka lage figi l ak kò li
  • Li ka suiv vwa ou ak figi w
  • Li ka lonje men ba ou
  • Li ka gade w nan je
  • Li ka leve tèt li

"Mwen bezwen fè yon poz"

break baby

Lè mwen bezwen yon bagay diferan.

Ofiyamezi ou ap aprann konnen tibebe w la, w ap kòmanse aprann sa li ap eseye di w. Sa ap pran tan.

Men sa tibebe w la ka fè lè li vle sispann jwe ak aprann oswa lè l bezwen yon ti moman trankilite:

  • Li ka vire tèt li, li ka vire do l, oswa li ka koube do l
  • Li ka mare min li oswa li ka bay yon rega ki pa vle di anyen
  • Li ka fè men l, bra l, oswa janm li rèd
  • Li ka baye oswa dòmi ka pran l

Byen Kòmanse avèk Tibebe Ou An – Ba Li Tete!*

Alètman se yon bagay ki natirèl, men li ka mande tan ak pratik. Ou menm ak tibebe w la ap aprann nan premye semèn yo. Apresa, bagay la ap vin pi fasil.

Repoze w. Ou ap gen plis enèji pou bay tibebe w la.

Bwè dlo, lèt, ak ji ki 100% lè w swaf. Prepare yon bwason pou bwè pandan w ap bay tete a.

Manje twa (3) repa ak omwen yon ti goute chak jou. Men kèk ide pou ti goute a:

  • Fwomaj ak bonbon sèl
  • Fwi
  • Yogout ki gen tikal grès
  • Nwa and rezen sèk
  • Sereyal
  • Sandwitch

Si w pa bwè lèt, fè WIC konnen sa. Ou kapab jwenn kalsyòm nan lòt manje tankou:

  • Fwomaj
  • Yogout
  • Ji zoranj ki gen kalsyòm
  • Tofou (ki fèt ak kalsyòm)
  • Chou frize ak chou chevalye
  • Lòt manje ki gen anpil kalsyòm

Antre nan yon gwoup sipò pou alètman kote w kapab pale avèk lòt manman yo.
Rele WIC oswa yon konsiltan nan zafè laktasyon si w gen kesyon sou alètman.

Alètman – Avantaj pou Ou, Avantaj pou Tibebe a

Tibebe ki tete yo:
  • Fè mwens alèji
  • Malad mwens souvan
  • Gen mwens dyare ak konstipasyon
  • Gen mwens risk pou yo mouri mò sibit (Sendwòm Lanmò Sibit Tibebe, SIDS)

Manman ki bay tete yo:

  • Depanse mwens lajan pou yo achte manje pou tibebe
  • Pase plis tan ap dòmi
  • Repran fòm yo pi rapid
  • Gen mwens risk pou fè kèk kansè ak dyabèt tip 2
Your Babys Tummy is Very Small
Gade epi pataje enfografik 5 arè pou bay tete yo.e
https://indiana.wicresources.org/wp-content/uploads/sites/5/2026/02/5-Pozisyon-pou-Bay-Tete.pdf
Mom breastfeeding

Konsèy pou Bay Lèt nan Bwat

Dad baby
Kit ou chwazi bay tibebe w la lèt manman kit ou chwazi bay li lèt nan bwat, tibebe w la konte sou ou pou ede l manje byen. Pou w jwenn enfòmasyon sou alètman nan bibwon ki mezire, al gade gid sou manje pou tibebe ki gen ant 0 ak 6 mwa.
  • Prepare lèt nan bwat se menm jan ak lè w suiv yon resèt; li enpòtan pou melanje engredyan yo kòrèkteman. Tibebe w la vle pou w suiv enstriksyon ki sou bwat la pou fè melanj lan. Sonje pou toujou mete dlo a nan bibwon an anvan epi mete lèt la apresa.
  • Si se lòt moun k ap pran swen tibebe w la, asire w yo konnen jan pou yo byen melanje ak prepare lèt nan bwat la.
  • Jete lèt ki rete nan bibwon an apre lè tibebe a fin bwè. Si w prepare bibwon yo alavans, konsève yo nan yon frijidè jiskaske ou pare pou bay tibebe w la lèt. Prepare bibwon ki sifizan pou 24 èdtan.
  • Chofe bibwon an nan dlo cho. Lèt nan bwat ou chofe nan fou mikwowonn kapab brile bouch tibebe w la. Bibwon an ta dwe tyèd - li pa ta dwe cho.
  • Tibebe w la senpman bezwen lèt nan bibwon an; pa janm mete bwason sikre oswa dlo ladan l.

Rete An Sekirite

Evite konsome tabak oswa pwodui ki gen nikotin, alkòl, marigwana, ak lòt dwòg pou kenbe tèt ou ak tibebe w la an sante. Si w ap planifye yon lòt gwosès, nou kapab ede w jwenn resous pou kanpe oswa redui konsomasyon tabak, nikotin, alkòl, oswa dwòg.

Lè w fimen oswa konsome tabak oswa pwodui ki gen nikotin, sa kapab fè enpak sou sante ou. Lafimen oswa vapè sigarèt oswa plim vapè yo kapab fè enpak sou lòt moun ki bòkote w. Lè w fimen bòkote tibebe oswa timoun yo, sa kapab ogmante risk pou yo gen grip, enfeksyon nan zòrèy, Sendwòm Lanmò Sibit Tibebe (SIDS), oswa opresyon.

Panse pou tabli yon règ ki entèdi moun fimen nan kay ou ak machin ou. Mande moun yo pou yo pa fimen bòkote ou menm ak tibebe w la.

Nou konnen jan li difisil pou kite oswa redui konsomasyon tabak oswa pwodui ki gen nikotin. Si w gen difikilte pou kite oswa redui konsomasyon ou, nou gen resous pou ou. Ale sou www.quitnow.net pou w jwenn èd pou sispann konsome tabak oswa nikotin ki gen ladan l ankadreman gratis, yon plan kite fimen gratis, ak materyèl edikatif.

Li rekòmande pou evite alkòl, marigwana, ak lòt dwòg pou kenbe tèt ou ak tibebe w la oswa timoun yo an sante epi an sekirite. Nou genyen resous pou kore jefò ou ap fè pou sispann oswa redui konsomasyon ou.

Pou w jwenn èd pou kite pwodui sa yo, kontakte pwofesyonèl swen sante w la oswa ale sou www.findtreatment.gov.

For support with quitting alcohol, marijuana, or other illegal drug use contact your healthcare provider or visit www.findtreatment.gov.

Never leave your child with people who drink too much or use drugs.

Say NO to:

  • Beer
  • Smokeless tobacco
  • PCP or angel dust
  • Wine
  • Misuse of medicines
  • Heroin
  • Mixed drinks
  • Marijuana
  • Methamphetamines
  • Liquor
  • Crack/cocaine
  • Opioids
  • Cigarettes
  • LSD
  • Vape and Juul products
Pou w jwenn sipò pou alètman, kontakte Konseye nan Alètman WIC oswa Ekspè Alètman WIC Deziyen ki nan zòn ou an.

Enstitisyon sa a ofri tout moun menm opòtinite.

wic.in.gov
Logo for Indiana WIC, a supplemental nutrition program for women, infants, and children.

Kontakte Nou

2 North Meridian Street, 5th Floor Indianapolis, Indiana 46204
800-522-0874
wic.in.gov

Jwenn Plis Enfòmasyon

  • Fason pou Aplike
  • Manje ki Apwouve
  • Jwenn yon Klinik

Resous

Sipo pou Aletman WIC
  • Aplikasyon Android INWIC
  • Aplikasyon Apple INWIC
  • Indiana WIC on Facebook
  • Indiana WIC on Instagram

Enstitisyon sa a se yon founisè menm opòtinite pou tout moun.

Cookie PolicyPrivacy Policy

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent

    ×
    If you are using multiple emails, separate them with commas.

      Communication Preferences

      ×
      Download
      Feed Popup
      Explore a helpful infographic for breastfeeding moms.
      Side Lying Hold

      Side-Lying Hold

      1. For the right breast, lie on your right side with your baby facing you.
      2. Pull your baby close. Your baby’s mouth should be level with your nipple.
      3. In this position, you can cradle your baby’s back with your left arm and support yourself with your right arm and/or pillows.
      4. Keep loose clothing and bedding away from your baby.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You want to rest while baby feeds
      • You are breastfeeding in the middle of the night
      • You and your baby are comfortable in this position
      Cross Cradle Hold

      Cross-Cradle Hold

      1. For the right breast, use your left arm to hold your baby’s head at your right breast and baby’s body toward your left side. A pillow across your lap can help support your left arm.
      2. Gently place your left hand behind your baby’s ears and neck, with your thumb and index finger behind each ear and your palm between baby’s shoulder blades. Turn your baby’s body toward yours so your tummies are touching.
      3. Hold your breast as if you are squeezing a sandwich. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      4. As your baby’s mouth opens, push gently with your left palm on baby’s head to help them latch on. Make sure you keep your fingers out of the way.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby is premature
      • Your baby has a weak suck
      • Your baby needs help to stay latched
      • Your baby needs extra head support
      • You and your baby are comfortable in this position
      Football Hold

      Clutch or “Football” Hold

      1. For the right breast, hold your baby level, facing up, at your right side.
      2. Put your baby’s head near your right nipple and support their back and legs under your right arm.
      3. Hold the base of your baby’s head with your right palm. A pillow underneath your right arm can help support your baby’s weight.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Bring baby to you instead.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • You had a C-section
      • You have large breasts
      • You have flat or inverted nipples
      • You have a strong milk let-down
      • You are breastfeeding twins
      • Your baby likes to feed in an upright position
      • Your baby has reflux
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Cradle Hold

      1. For the right breast, cradle your baby with your right arm. Your baby will be on their left side across your lap, facing you at nipple level.
      2. Your baby’s head will rest on your right forearm with your baby’s back along your inner arm and palm.
      3. Turn your baby’s tummy toward your tummy. Your left hand is free to support your breast, if needed. Pillows can help support your arm and elbow.
      4. To protect your back, avoid leaning down to your baby. Instead, bring your baby to you.
      5. Reverse for the left breast.

      This hold is useful when:

      • Your baby needs help latching on
      • You and your baby are comfortable in this position
      Breastfeeding Holds

      Laid-Back Hold

      1. Lean back on a pillow with your baby’s tummy touching yours and their head at breast level. Some moms find that sitting up nearly straight works well. Others prefer to lean back and lie almost flat.
      2. You can place your baby’s cheek near your breast, or you may want to use one hand to hold your breast near your baby. It’s up to you and what you think feels best.
      3. Your baby will naturally find your nipple, latch, and begin to suckle.

      This hold is useful when:

      • Your baby is placed on your chest right after birth
      • You have a strong milk let-down
      • You have large breasts
      • You and your baby are comfortable in this position